Nan sosyete nou an, nou souvan fè obsèvasyon sa ki parèt anmè kou fyèl: lè yon moun gen pouvwa, li ka tante sèvi ak li nan avantaj li, pafwa kont moun ki pi vilnerab yo.
Reyalite sa a mete aksan sou enpòtans ansèyman sivik ak moral genyen, nan edike moun sou limit etik otorite yo.
Yon moun ki gen pouvwa pafwa panse ke li pi wo pase règ yo epi li ka fè sa li vle. Sèvi ak pouvwa sa a kont moun ki pi fèb yo, soulve kesyon fondamantal sou etik ak responsablite.
Li esansyèl pou n konprann, gen pouvwa pa vle di gen dwa jwe sou feblès lòt moun. Okontrè, li enpoze plis responsablite, paske otorite yo dwe pwoteje ak fè respekte dwa fondamantal chak moun.
Konpòtman abizif sa yo, manifeste nan divès sektè nan sosyete a, li enpòtan pou nou mete plis aksan sou nesesite, pou gen plis konsyantizasyon ak edikasyon sivik ak moral nan peyi a. Abi pouvwa ka rive nan anviwònman pwofesyonèl la ak nan domèn politik, oswa sosyal.
Abi pouvwa se pa sèlman yon zak malonèt, li se tou yon konpòtman ki pa akseptab ki ka debouche sou konsekans devastatè pou moun ki fè eksperyans la.
Edikasyon sivik ak moral jwe yon wòl santral nan anpeche abi pouvwa. Lè nou edike moun sou prensip etik ak valè moral yo, nou kontribye nan fòje yon sosyete kote pouvwa egzèse ak entegrite, respè ak responsablite anvè tout moun.
Photo Credit: Weisburg Law
















