Bienvenue!

Monte lanp an Ayiti: yon eksplorasyon espirityalite vodou ak enplikasyon sosyo-kiltirèl

Nan kè kilti rich Ayiti a se yon pratik vodou ki byen anrasinen e ki respekte: monte lanp lan.

Monte Lanp se Yon langaj oubyen Wongatè Vodou itilize pou fèw konprann yo pral monte oubyen limen lwil , souvan lèw nan kont ak yon Moun ou toujou tande son sa repete ” Lanp ou gen nan bouda’w la Mwen kap etèn li pou ou , oubyen l ka diw , Kèk Lwil ou gen nan bouda’w”

Sa vle di souvan depi ou wè Yon Moun fè Yon bagay ki depase tèt li oubyen ou wè Moun sa nwizib ak kò li ebyen yo toujou di entèl gen yon Lwil nan bouda’l oubyen lanp li etèn. Ogmantasyon seremoni lanp lan senbolize rechèch valè tankou jistis, favè, chans ak abondans.

Pou Manbo Eunode
« Monte lwil gen anpil enpotans,li di nou monte lwil pou nou ka cheche solisyon ak ansanm de pwoblem nou genyen »

Nou monte lwil pou nou jwen n jistis
delivrans,lwil pou nou mande gras,lwil de chans e lwil abondans

Chak lwil sa yo nap monte a gen yon ansanm eleman nou ka itilize.

Pami veso pou’w monte Yon lanp nou ka site kèk ladan yo tankou … Po zoranj dou e zoranj si , Kwi (Kalbas bwa koupe) Chodyè Zen (Madòken) , chodyè twa pye , chodyè senp , bòl blan , asyèt blan , bòl kristal ou asyèt kristal , Pòm , chadèk , anana , melon , Peta tach , po krab , Copa (Kalis) , Joumou , lanp tèt gridap .elatriye

Epoutan, andeyò efè kilti Vodou a, monte lanp lan ka sijè enkonpreyansyon,jjman negatif san rezon ka leve, alimente defyans nan pratik sa a .

Malerezman, menm jan ak nenpòt pratik espirityèl, gen risk pou yo abi, ak kèk eksplwate lafwa lòt moun pou pwofi pèsonèl.

Divèjans sa yo nan entèpretasyon oswa itilizasyon seremoni ka pafwa lakòz tansyon ak divizyon nan sosyete ayisyen an. Dezakò sou pratik zansèt sa a ka mennen nan konfli ant moun ki pratike li ak devosyon ak moun ki wè li ak sispèk.

Chak lanp gen yon direksyon byen detèmine e chak lanp monte pou Yon rezon , chak lanp gen engredyan li apa e chak lanp gen veso li apa ke ‘l dirèk avèk li .

Yon lanp se Yon sòt Wonga ki fasil a fèt e ki gen Yon trè fò pwisans ladanl , men se si’w konnen .

Pa blye lwil pesikisyon an se nan mamit ou monte l,e se ak poud,aransò,lwil maskriti elatriye poutan lwil delivrans lan fet ak bè pen,lwil dous ak poud chans e ou ka monte lwil la si chans ou frèt selon sa Deny di nou

E Manbo Boucher Cherica di li menm se nan lanp pou bay chans li plis kwe e se li menm li plis fe

De la même catégorie