Bienvenue!

Repiblik dominikèn ak Matinik postile pou entegrasyon yo nan Karikòm (CARICOM)

Repiblik dominikèn ak Matinik vle vin manm asosye nan Karikòm, se sa chèf deta Giyàn nan, Irfaan anonse nan kad 46e reyinyon chef leta ak gouvènman peyi rejyon Karayib la kit te òganize Giyan. Li fè konnen ke pwosesis admisyon yo te deja kòmanse, peyi sa yo ap gen pou yo travay ak sekretarya Karikòm nan, nan lide pou respekte pwosedi yo.

Òganizasyon rejyonal la (Karikòm) gen entansyon aplike tout pwosedi yo avan mwa Jiyè k ap vini an, ki se dat pwochen reyinyon òdinè òganizasyon an.

N ap soulinye, Repiblik Dominikèn te eseye entegre kominote Karayib la de fwa, nan lane 1980 ak lane 2013. Tantativ sa yo p at mache akoz òganizasyon rejyonal la te mete fen nan negosyasyon yo, kote l te denonse zak gwo ponyèt ekspilsyon masif Ayisyen t ap sibi nan men otorite dominikèn yo.

De la même catégorie