Lanmou yon sitwayen pou peyi l dwe menm jan ak lanmou yon pitit pou manman l
Lanmou yon pitit pou manman l se yon santiman natirèl, ki bati sou relasyon fizik ak emosyonèl pandan gwosès men tou pandan timoun nan ap grandi. Se menm lanmou sa ke yon sitwayen dwe genyen pou peyi l, paske se ladan l li fèt, anpil fwa li grandi men tou, li jwenn pen lenstriksyon. Menm jan yon manman anpil fwa sakrifye tout vi l pou bonè pitit li, se konsa yon sitwayen dwe pare pou l patisipe nan pwogrè ak pwosperite peyi l men tou, angaje l nan bon jan aksyon pandan l ap respekte lwa ak valè fondamantal yo.
Lanmou yon timoun pou manman l pa gen kondisyon, li pa gen pri. Li makònen ak yon volonte men tou yon pote kole toutan menm nan moman difisil yo. Se konsa tou lanmou nou pou peyi nou Ayiti, dwe solid kèlkeswa sikonstans politik, ekonomik ak sosyal. Menm fas ak defi ak dezakò, nou dwe chèche jwenn solisyon ak pwoblèm yo, pandan n ap mete devan enterè peyi a kidonk enterè tout moun.
Konsa, menm jan yon timoun ki gen larekonesans konn apresye sakrifis ak jefò manman l fè pou l jwenn edikasyon, pou kè l kontan, yon sitwayen, yon Ayisyen dwe rekonèt tout sa peyi a fè pou li nan sa ki gen pou wè ak istwa, ak batay zansèt yo te mennen pou n rive jwenn libète ak idantite nou kòm nèg. Renmen peyi w se travay pou devlopman l, se aprann apresye valè kiltirèl li, se goumen pou fè respekte moun nou ye a.
Nou dwe goumen pou kenbe patrimwan peyi a byen vivan. Lanmou nou pou peyi a dwe yon angajman ki chita sou senserite, sou rekonesans, sou respè ak responsabilité nou genyen anvè peyi a.