Nan dènye ane yo, anpil Ayisyen ki ap viv nan Repiblik Dominikèn ap fè fas ak yon reyalite ki trè difisil: depòtasyon masif, maltretans, ak imilyasyon nan men otorite dominiken. Sa a se yon sitiyasyon ki pa sèlman afekte endividi, men li enplike tou yon kriz imanitè ki mande pou yon repons.
Depòtasyon sa yo souvan akonpaye pa vyolans ak abi. Anpil Ayisyen ap sibi tretman ki pa ba yo valè, ki fè yo santi yo pagen okenn kote pou yo ale , e ki kraze diyite yo. Sitiyasyon sa a fè anpil nan nou poze kesyon sou sa ki pi bon pou nou: èske se pou nou rete nan kondisyon sa yo, oswa èske se tan pou nou tounen nan peyi nou?
Ayiti, malgre tout defi li yo, toujou se yon kote ki gen anpil opòtinite. Nou tout konnen sitiyasyon an nan peyi a, men se sèlman nou menm ki ka chanje li. Tounen nan peyi nou se yon chwa ki ka parèt difisil, men li se yon chwa ki ka ranfòse diyite nou. Olye de n ap viv nan imilyasyon, nou ka chèche jwenn yon fason pou kontribye nan devlopman peyi a
Nou merite plis pase sa n ap viv nan Repiblik Dominikèn. Fè chwa pou retounen, se pa sèlman yon desizyon pou sove tèt nou, men se yon opòtinite pou chanje lavi nou ak lavi lòt moun nan peyi a. Anplis, pito n ap fè fas ak mizè ak diyite, pase nou ap viv nan richès ki vin ak esklavaj ak imilyasyon. Ann fè yon chwa ki ka sèvi kòm yon baz pou reyalite ki pi bon pou tout Ayisyen.