Bienvenue!

Revèy konsyans pou yon peyi an detrès

Nan moman kote tout bagay sanble ap kraze nan peyi nou an, anpil moun ap mande tèt yo si gen yon fen pou soufrans sa yo. Plis pase yon milyon sitwayen ap viv anba tant, anba pon, nan lari, san okenn kote pou mete tèt yo. Timoun ki ta dwe nan lekòl ap mouri grangou, fanmi ki ta dwe viv ak diyite ap batay jis pou jwenn yon ti gout dlo. Pandanstan, dirijan nou yo sanble plis enterese nan pwòp avantaj yo pase nan soulajman lapenn pèp la.

Nou te grandi avèk lide  enstriksyon sivik se yon zouti pou fè yon pèp pran konsyans sou dwa ak devwa li. Se li ki ta dwe sèvi kòm motè pou chanje sitiyasyon malouk nou yo. Lè yon pèp gen konsyans kolektif, li pa ka kite anyen, ni okenn moun, detwi fyète li, ni souse resous li san okenn kontwòl. Men kote nou ye jodi a? Konsyans sa dòmi, pandan enstabilite ak neglijans ap fin detwi tout rès espwa.

Dirijan nou yo sanble fèmen je sou soufrans pèp la. Olye yo sèvi kòm modèl, yo bay egzanp neglijans, gaspiyaj, ak inyore. Yo bliye ròl yo se pou sèvi, pou amelyore lavi tout moun ki ap viv nan peyi a. Malerezman, nan moman kote peyi a bezwen vizyon ak lidèchip plis pase tout tan, yo montre yo pagen okenn kapasite pou soti nou nan sa.

Enstriksyon sivik dwe tounen yon zouti reyèl, pa sèlman yon matyè nan liv lekòl yo. Li dwe viv nan chak aksyon nou. Sa mande:

Konsyans pèsonèl ak kolektif: chak Ayisyen dwe rekonèt valè pwòp tèt li ak peyi li. Nou pa ka chanje peyi si nou menm nou pa chanje.

Responsabilite sitwayen yo: yon pèp ki gen konsyans fòse dirijan li travay pou li. Se lè n mete presyon ansanm pou chanjman rive.

Ede youn lòt: malgre tout difikilte, fòk solidarite rete vivan. Si dirijan yo pa vle fè anyen, fòk nou kòm pèp apiye youn lòt, ranfòse kominote nou yo.

Nou se pitit pitit Dessalines, pitit pitit pèp ki te fè premye revolisyon siksè nan istwa mondyal la. Nou te leve kont enjis yo, nou te batay pou libète ak diyite. Ki jan nou kite sitiyasyon an rive nan pwen sa? Ki jan nou kite politisyen san konsyans kraze tout sa zansèt nou yo te bati?

Fòk nou sispann panse  moun k ap dirije yo ap gen pitye pou nou. Chanjman pa ka soti sèlman nan men dirijan ki gen pwòp enterè yo nan tèt. Li dwe soti nan chak nan nou, kòm yon pèp, ki leve kanpe pou defann dwa li ak diyite li. Sa mande konsyans, sa mande enstriksyon, e sa mande aksyon.

Ayiti pa fini. Men li mande yon revèy tout bon. Kèlkeswa difikilte yo, fòk chak Ayisyen sonje peyi sa a pa ka chanje si nou menm pa fè pati solisyon an. Yon lòt Ayiti posib, men fòk nou leve kanpe ansanm, ak fòs konsyans nou tout.

De la même catégorie