Prèske chak jou, nou gen anpil okazyon kote nou ka demontre respè, solidarite, epi kontribye nan soutni moun ki travay di pou fè lavi pi bèl pou nou. Youn nan sa yo se lè nou ale nan restoran, salon bote, otèl, oswa nenpòt lòt sèvis kote sèvez, koutirye, oswa chofè ap fè tout sa yo kapab pou satisfè bezwen nou yo. Bay yon tep, menm yon ti kantite, se yon aksyon ki senp men ki gen anpil valè.
Poukisa li enpòtan pou bay tèp?
Premyèman, anpil moun ki travay nan sèvis tankou restoran, oswa otèl touche yon ti salè ki souvan pa ase pou yo okipe bezwen yo. Pou yo, tep yo fè yon gwo diferans. Li se yon siy rekonesans pou travay yo ak efò yo fè chak jou.
Dezyèmman, bay tep demontre nou konprann ak apresye valè travay yo. Se pa sèlman yon aksyon jenerozite, men yon pratik ki ankouraje moun kontinye bay bon jan sèvis paske yo santi travay yo respekte.
Nan yon sosyete kote anpil moun santi efò yo pa toujou rekonèt, bay tep se yon fason pou fè pati solisyon an. Se tou yon refleksyon sou edikasyon sivik nou: fè lòt moun santi yo apresye. Pa egzanp, lè ou nan yon restoran, ou ka kalkile yon pousantaj (10% a 20% nòt la) kòm tep ou, selon sèvis la. Nan lòt ka, tankou chofè ki nan sèvis livrezon , yon ti sòm ka fè yo konnen ou apresye travay yo.
Bay tep pa limite sèlman ak kapasite ekonomik yon moun, men ak konsyans sosyal li. Se yon okazyon pou montre nou vle wè yon sosyete kote tout moun ka avanse ansanm. Nan yon peyi tankou Ayiti, kote anpil moun ap lite chak jou, tep yo ka pa sèlman yon aksyon jantiyès, men yon mwayen sipò pratik pou ede moun kontinye travay ak dignité.
Bay tep pa vle di sèlman mete lajan sou yon tab. Li ka tou vle di yon bèl mo, yon souri, oswa yon remèsiman sensè. Bagay sa yo pa koute anyen men gen yon gwo enpak. Nou tout ka fè yon efò pou kontribye nan kreye yon sosyete kote rekonesans ak respè mityèl se yon nòmalite.