Bienvenue!

Pye mayas : kisa ki lakoz sa ,Kijan pou nou goumen kont li ?

Gen anpil moun ki mal alèz ak move odè pye yo, sitou lè yo retire soulye yo devan lòt moun. Fenomèn sa a, ki rele “bromhidrose”, rive lè pye a swe twòp epi bakteri ak chanpiyon devlope ladan l.

Lè pye a swe an kantite, yo rele sa “iperidwòz”. Se yon maladi ki souvan gen rasin jenetik. Li ka afekte pye yo, men tou men ak anba bra. Menm si ou gen iperidwòz, sa pa vle di obligatwa ou pral gen move odè pye, men sa ka ogmante chans pou sa rive. Lè swe a melanje ak bakteri ak matyè òganik, sa lakòz move sant la.

Si chak fwa ou retire soulye ou tout moun oblije bouche nen yo, li tan pou ou pran aksyon ! Gen plizyè remèd natirèl ki ka ede, men youn nan yo ki pi efikas se bikabonat sodyom.

Bikabonat la gen kapasite pou l bloke devlopman bakteri yo epi li ede regle pH po a pou li pa tounen twò asid, paske se sa ki pouse move sant la.

Men kijan pou w itilize l :

Pran yon basen dlo tyèd epi mete 2 kiyè soupe bikabonat pou chak lit dlo.

Mete pye ou ladann pandan 20 a 30 minit.

Siye yo byen ak yon twal pwòp.

Mete 1 a 2 kiyè soupe bikabonat anndan soulye ou pou ede absèbe imidite a epi evite move sant.

Lave pye ou chak jou ak savon epi byen siye yo anvan ou mete soulye.

Evite mete menm soulye chak jou, ba yo tan pou yo respire.

Mete chosèt koton paske li absèbe swe pi byen.

Evite mete soulye ki pa pèmèt pye ou respire (tankou plastik).

Si pwoblèm nan pèsiste malgre tout efò sa yo, ou ka konsilte yon doktè pou jwenn plis konsèy medikal.

Pa kite move sant pye anpeche ou santi ou alèz nan espas piblik. Aplike konsèy sa yo epi ou ka di “babay” ak pye mayas !

De la même catégorie