Nan yon peyi kote ensekirite fin tounen règ, kote malantandi ka koute lavi, chak moun dwe pran responsabilite l. Se pa lè pwoblèm lan rive ou pral regrèt ou pat gen pyès idantite ou sou ou. Se pa lè w ap viktim move jijman ou pral reyalize abiman pa defini kiyès ou ye. Se pa lè w ap santi w meprize ou pral konprann enpòtans mete tèt ou an valè.
Nan lari a, ou ka sanble ak nenpòt moun. Moun ka konfonn ou, swa ak yon move endividi, swa ak yon moun ou pa ye. Men, si w toujou mache ak pyès ou, si w kenbe tèt ou ak aparans ou pwòp, ou limite chans pou w viktim move enterpretasyon. Se pa rad ki fè ou se bon moun, men li bon pou mete w nan yon pozisyon kote w pa ka fasilman pase pou sa w pa ye.
Malerezman, nou twò souvan ap jije moun sou jan yo abiye, san konnen kiyès yo ye, sa yo kwè, sa yo fè. Men, se pa paske yon moun mete yon stil rad ou pa renmen ki fè li pa merite respè. Abiman pa defini kè yon moun, ni valè l, ni vizyon l sou lavi. Okontrè, li pi saj pou n aprann wè pi lwen pase sa ki sou po nou.
Menm jan li pa saj pou jije lòt daprè aparans yo, se menm jan li enpòtan pou chak moun mete tèt yo an valè. Sa pa vle di abiye pou enpresyone, men pito kenbe kò w pwòp, pran swen tèt ou, penyen cheve w. Pa pou lòt moun, men pou ou menm an premye. Lè w parèt byen, w ap santi w pi fyè, epi w ap evite tout move etikèt ki ka mete w nan sitiyasyon difisil.
Se pa yon kesyon de sanble ak lòt, men pito de mete tèt ou an sekirite pandan w kenbe diyite w. Jodi a plis pase tout tan, nou bezwen konprann sa.