Nan lari, sou plaj, ak bò lakay moun, fatra ap layite tout kote. Dife ap boule plastik, lanmè ap regòje boutèy ak sache, pyebwa ap koupe san reflechi. Pandansetan, solèy la vin pi cho, lapli ap tonbe san mezi, epi nou menm moun nou ap soufri konsekans yo. E si tout sa te soti nan yon mank fondamantal nan edikasyon nou sou anviwònman an? E si solisyon an te chita nan enstriksyon sivik?
Anviwònman an se pa yon pwoblèm etranje, se pa yon sijè rezève pou syantis oswa aktivis. Se lavi nou chak jou. Se lè nou respire, dlo nou bwè, manje nou konsome. Men, si nou pa aprann byen jere li, se nou menm k ap disparèt. Enstriksyon sivik dwe depase senp diskou sou dwa ak devwa, li dwe vin yon lekòl konsyans kote nou aprann kijan pou nou viv an amoni ak lanati.
Lè nou jete fatra atè, lè nou depanse dlo san mezi, lè nou detwi pyebwa san reflechi, se avni nou k ap pèdi valè. Men, si chak timoun grandi ak konviksyon li gen yon responsabilite pou pwoteje tè li, si chak granmoun wè anviwònman an kòm yon eritaj pou pitit yo, si chak sitwayen konprann lari, lanmè, ak mòn se lakay nou tout, nou ka chanje bagay yo.
Fòmasyon sou anviwònman pa dwe rete yon opsyon, se yon nesesite. Li dwe entegre nan tout aspè lavi nou: lekòl, legliz, kominote, menm nan fanmi nou. Se lè nou konprann chak ti jès konte—jete yon boutèy nan lari se mete tèt nou an danje, plante yon pyebwa se prepare yon demen miyò—nou va reyalize solisyon an pa nan men lòt moun. Li nan men nou tout.