Nan tan lontan, fanm ki sot akouche pa t janm kite lopital pou al lakay yo san yo pa konnen sa k t ap tann yo: vapè, fèy bouyi, dlo cho, beny maten midi swa, ak lanmou fanmi. Se te yon rityèl, yon pratik sakre granmoun yo te pase soti jenerasyon an jenerasyon, pa sèlman pou sante fizik manman an, men tou pou diyite l kòm fanm.
Vapè sa yo te fèt ak fèy medsin natirèl tankou fèy mastrant, fèy zoranj, ak lòt ankò. Yo te konn bouyi yo epi fè manman an chita sou vapè a, pou li transpire, pou l lage tout sa ki te rete nan vant li, pou vajen li retounen pran fòs li. Lè sa a, granmè yo konn bat vajen an ak fèy pou l ka sere, jan yo te konn di sa. Se te yon fason pou yo “repare” fanm lan, mete l kanpe sou pye l pou l kapab reprann lavi.
Dlo cho te vin apre. Pandan twa mwa, fanm lan te dwe benyen ak dlo cho, pa ka manyen frèt, pa ka mete men nan dlo w ap lave rad, e li pa ka “fè bagay” avèk mari l. Se te twa mwa rasanble, twa mwa rekonesans, twa mwa trankilite kote tout moun alantou l te bay sèvis ak lanmou.
Men kounya, kilti sa ap fonn tankou glas nan solèy. Jèn fanm yo, souvan yo pa menm konnen sa ki rele vapè. Lè yo sot akouche, gen ladan yo ki tonbe mete jeans sou pye menm jounen an. Gen ki tounen sou rezo sosyal yo aji tankou si anyen pa t janm fèt. Tradisyon an, li pèdi wout li, li pa ka konpetisyon ak vitès lavi modèn, ak inyorans, ak egoyis, ak mank lanmou kominotè.
Se vre, pa tout moun ki gen fanmi ki dispoze okipe yo, se pa tout ki ka peye yon moun pou fè vapè ak beny. Men èske sa vle di nou dwe lage sa n te genyen nèt? Eske nou dwe jete pratik ki te soutni fanm ayisyèn yo pandan tout lavi yo?
Fanm ki sot akouche bezwen swen, yo bezwen pran tan pou yo rekipere. E menm si yo pa suiv tradisyon an fòmèlman, gen mwayen pou n adapte sa ak tan nou ap viv la. Nou pa bezwen neglije tout bon bagay tan lontan yo.
Se pa sèlman pou kò fanm lan, se pou lespri li tou, pou valè li, pou imaj li. Pran vapè se te pa sèlman pou sante, se te pou diyite, pou memwa, pou fanmi.
E ou menm? Ou gen pitit? Ou pran vapè? Ou mete pitit ou yo nan chemen sa a?
Petèt se tan pou nou re-envante tradisyon nou yo, olye nou bliye yo.