Bienvenue!

Remèd fèy pou Pyè nan ren!

Pyè nan ren se sibstans ki fòme tankou ròch nan ren yo, ki ka afekte kapasite ren yo pou travay byen.
Moun ki gen tansyon, sik, oubyen pwoblèm irinè gen plis chans pou yo devlope pyè nan ren.

Me kisa w ap bezwen:

Fèy lougarou
Fèy zaboka
Pèsi (5-6 branch)
Sitron jòn (1-2)
Dlo

Fason ou dwe preparel:

1) Bouyi fèy lougarou ak fèy zaboka
Fè bouyi fèy lougarou ak fèy zaboka san mete sèl. Bwè thé sa a 2 fwa pa jou pandan 14 jou.

2)Prepare pèsi ak ji
Apre sa, mete yon ti dlo sou dife, tann li bouyi, epi fèmen dife a lè li kòmanse bouyi.
Mete 5-6 branch pèsi nan dlo a epi kouvri pandan 5 a 10 minit.
Aprè sa, blendé tout bagay sa a ansanm. Jete ma a, pran ji a, epi ajoute youn oswa 2 grenn sitron jòn ladan.

Bwè ji sa a 2 fwa pa semèn. Li ka ede netwaye ren ou, redwi grès, e diminye asid nan pipi.

Bwè anpil dlo chak jou.
Konsome pwodwi ki rich nan kalsyòm.
Evite bwè ji oswa soda, manje twòp sik, sèl, ak grès.

De la même catégorie