Bienvenue!

Konfyans pa fèt pou trayi: se pa tout sa yo di w ou dwe di lòt moun

Pou viv byen nan sosyete, se pa sèlman edikasyon ki konte,li mande respè, etik, ak sans responsabilite. Lè yon moun fè w konfyans, li mete yon pati de li menm nan men ou. Se pa jwèt. Se pa blag. Se responsablite.

Gen moun ki toujou ap di yo pa gen zanmi serye, men yo pa janm poze tèt yo kesyon sou fason yo jere relasyon yo. Lè yon zanmi fè w konfyans, li rakonte w yon bagay ki sòti fon kè li, li swete w ap konprann se pou ou li pale, se pa pou lari. Men sa k rive? Ou fin koute, ou pa menm pran tan reflechi, ou rele yon lòt moun, ou repete tout. San konsyans, san konsidération.

Pawòl ou repete a ka tounen kout kouto sou do moun. Pawòl ou lage a ka mete dife nan lavi lòt moun. E ou menm, ou pèdi tout valè ou te genyen. Paske moun yo sonje : “Li pa kenbe sekrè”.

Lavi a mande plis pase konn pale. Li mande kouraj pou pa pale. Li mande konfyans, disrè, maturite. Lè ou kenbe sekrè yon moun, Se montre ou gen respè pou tèt ou, pou moun nan, e pou relasyon ki ini nou kòm moun.

Gen verite ou pa ka di, gen nouvèl ou pa ka repete, gen pawòl ou dwe antere. Paske se konsa nou grandi. Se konsa nou montre se pa tout bagay ki pou mache de bouch an bouch.

Lè w se yon bon zanmi, ou tounen miray moun ka apiye sou li. Men miray sa dwe solid, li pa dwe gen twou. Si ou pa kapab kenbe sekrè, ou pap janm gen vrè zanmi.

De la même catégorie