Bienvenue!

Ki kote respè timoun lontan yo pase ?

Nan tan lontan, lè ou t ap grandi nan yon fanmi oubyen nan kominote ayisyen an , premye leson ou te konn resevwa, se te respè. Respè sa pa t sèlman pou manman oswa papa w, men li te pou tout moun ki pi gran pase w. Se te yon prensip sakre. Paran ou te toujou fè ou konnen : “Ou dwe respekte tout moun ki pi gran pase w.”

Nan epòk sa, pa t gen koze diskite. Si ou te fè dezòd nenpòt kote, nenpòt granmoun ki te la te ka kale w, korije w sou plas. Sa pa t janm wè kòm abi, men pito kòm yon devwa granmoun genyen pou edike timoun. Epi ou menm kòm timoun, ou pa t ka ale rele manman oubyen papa ou vin plenyen. Okontrè, si ou te di yo, ou te gen chans resevwa yon lòt kalòt ankò lakay ou.

Pa t gen pale anpil : “Hooo wi, depi w pa manmanm oswa papam, ou paka kale m” — sa pa t egziste. Chak granmoun te reprezante yon otorite. Chak granmoun te ka korije w si ou te soti sou wout. Depi ou fè dezòd, nenpòt granmoun ki la ka ranje ou.

Tradisyon sa te kreye yon solidarite solid nan kominote a. Timoun yo te gen plis disiplin, fanmi yo te plis ini, epi tout moun te santi yo gen responsablite youn pou lòt. Se te yon fason pou fè tout ti moun tounen bon sitwayen.

Jodi a, nou wè tradisyon sa ap disparèt. Genyen anpil timoun k ap grandi san yo pa bay granmoun respè, epi granmoun yo menm pè pale ak timoun yo.

Men nou pa dwe bliye : respè, solidarite ak lanmou kominotè, se baz tradisyon sa. Se yo ki te fè nou sa nou ye jodi a. Petèt nou bezwen chèche yon lòt fason adapte valè sa yo ak tan nou ap viv la, men pa janm bliye rasin nou.

Photo: Le Quotidien News

De la même catégorie