Gen yon gwo inegalite ki fouye rasin li fon nan jan nou konsidere lanmou ak kijan nou espere moun jere santiman yo. Lè yon fanm pran kouraj li, li kanpe devan yon gason, li di l li renmen li, anpil fwa premye repons sosyete a se mepri, jijman, move je. Nou gade l tankou yon fanm ki pa gen pasyans, ki pa gen diyite, ki pa respekte tèt li, kòm si eksprime santiman ou te yon wont lè ou se yon fi. Men, ironikman, menm sosyete sa a bat bravo pou gason ki fè menm jès la, gason ki pa pè fè premye pa a, gason ki chase, ki sedui, ki eksprime lanmou yo jan yo vle.
Depi timoun, yo anseye nou se gason ki dwe “chèche”, se yo ki dwe “batay” pou lanmou, pandan y ap mete fanm nan pozisyon moun ki “fè timid”, ki “rete ap tann”, ki “fè sanblan li pa enterese”, paske, di yo, se konsa fanm dwe konpòte yo pou pa parèt fasil. Se yon refleksyon sou pouvwa: depi yon fanm deklare sa li santi, li parèt tankou yon moun ki pran kontwòl sou sa yo te vle kenbe li prizonye ladan l — tan li, kò li, desizyon li.
Fanm ki pale an premye, fanm ki pa tann, yo pa sèlman deranje règ sosyal yo, yo kraze imajinasyon ansyen epòk kote fanm pa t dwe gen vwa pou chwazi lanmou. E poutan, lanmou pa gen sèks. Pa gen pyès rezon lojik ki ta fè li yon wont pou yon fanm louvri kè li, eksprime santiman li, chèche sa li anvi ak senserite.

Lè nou mete limit sou emosyon fanm yo, lè nou jije yo paske yo pran inisyativ, se tankou nou di yo yo pa gen dwa viv tout dimansyon imanitè yo. Nou mete lòd nan lanmou menm kote lanmou ta dwe lib. Sa fè anpil fanm soufri an silans, pè di sa yo santi, pè pèdi diyite yo devan je moun ki, sou papye, ta dwe ankouraje verite ak kouraj.
Nou pa ka kontinye bati yon sosyete ki pale de egalite pandan nou kontinye mete règ diferan sou tèt moun selon si yo se fi oswa gason. Lanmou pa fè moun pèdi diyite. Eksprime lanmou pa rann pèsonn pi piti. Okontrè, sa montre fòs, kouraj, ak limanite. Yon fanm ki di yon gason li renmen li pa sezi okenn wòl, li jis chwazi pa kache sa k fè l vivan.
Li lè pou nou sispann gade fanm ki renmen ak kè ouvè tankou mechanste oswa feblès. Lanmou se pa jwèt pouvwa. Lanmou se pa kouraj gason sèlman. Lanmou se kouraj tout moun.















