Bienvenue!

Remèd natirèl pou fanm ki frijid oswa ki gen difikilte pou jwenn plezi pandan relasyon seksyèl

Nan sosyete nou an, gen anpil fanm ki soufri an silans. Yo pa janm pale, yo pa janm plenyen, men yo ap viv yon reyalite difisil : yo pa jwenn okenn plezi pandan relasyon seksyèl, yo pa mouye, yo pa santi okenn eksitasyon, tankou si kò yo te dekonekte de lespri yo. Sa a se yon pwoblèm ki afekte pa sèlman sante fizik fanm lan, men tou balans emosyonèl li ak relasyon li ak mari oswa patnè li.

Se sak fè nou pataje avèk ou jodi a yon remèd natirèl, senp, men trè efikas, ki kapab ede fanm ki frijid oswa ki gen difikilte pou eksite. Li baze sou engredyan natirèl  ou ka jwenn fasil, e li kapab pote yon chanjman pozitif nan lavi entim ou.

Engredyan ou bezwen:

Tamaren
Jenjanm
Jiwòf
Konkonm

Kijan pou prepare l:

Bouyi tamaren ak jiwòf ansanm pou fè yon bon dekòksyon. Pandan tan sa a, blennde jenjanm ak konkonm san ajoute dlo. Lè ou fin bouyi preparasyon an, melanje l ak sa ou te blende a. Ou ka mete l nan yon boutèy ki kenbe fre.

Kijan pou w itilize l:

Bwè yon vè chak jou a 6è PM. Pa depase dòz la, epi evite bwè l si mari ou pa la, paske remèd sa a ka mete ou nan yon eta kote ou bezwen afeksyon imedyatman.

Remèd sa a ap ede kò ou reponn pi byen pandan aktivite seksyèl, ap ogmante sansasyon yo, epi fè ou santi w plis konekte ak tèt ou ak ak patnè ou. Jenjanm ak jiwòf se afrodizyak natirèl ki ranfòse sikilasyon san ak eksitasyon, pandan konkonm ak tamaren ede reyidrate kò a epi bay balans natirèl.

De la même catégorie