Bienvenue!

Èske w te konnen lè’w gen yon timoun ou dwe achte yon bèt sou non li (Menm ou menm ki granmoun)?

Eksplikasyon:

Lè yo di ou achte yon bèt sou non yon timoun, sa pa gen anyen pou wè ak fè bèl biznis oswa mete bèt la pou li grandi epi vann li. Se yon jès ki chaje ak sans espirityèl. Nan kwayans pèp ayisyen an, gen moun ki kwè gen move lespri, jalouzi oswa mechanste ki ka vize yon timoun san ou pa menm reyalize. Lè sa rive, se pa je ki wè, se zafè mistik. si ou mete yon bèt sou non timoun nan, ou ka chape li anba move frap sa yo.

Bèt la, li vin tankou yon gad kò espirityèl pou timoun nan. Si gen yon malè k ap vini pou timoun nan, gen moun ki kwè se bèt la ki ka pran li pito. Lè ou wè bèt la mouri san rezon, moun ki kwè nan sa ap di se li ki sove lavi timoun nan. Sa pa vle di se tout moun ki kwè sa, men anpil moun pran prekosyon sa yo pou pwoteje pitit yo kont sa yo pa ka wè ak je.

Se pa maji, se pa sòsèlri, se kwayans, se tradisyon, se fason pou di: “M pa ka konbat sa mwen pa wè, men m ka fè jès pou pwoteje sa mwen renmen.” E anpil paran pran sa oserye paske yo renmen pitit yo epi yo vle tout sa ki pi bon pou yo.

De la même catégorie