Nan tradisyon nou, nan wout mistik nou, tout sa nou fè gen sans. Lè w leve bonè pou al achte flè, tafya, chandèl, manje oswa lòt bagay pou lwa, ou pa jis ap achte yon atik. Ou ap mete tèt ou nan sèvis, ou ap antre nan yon dyalòg ak envizib la. Epi se la anpil moun fè erè: yo panse yo ka rale pri tankou yo nan mache, yo ka negosye tankou se achte diri oubyen lwil. Men lwa pa machann, epi sèvis pa komès.
Lè ou mete sou ou pou achte pou lwa, ou dwe fè l ak tout respè. Paske sa ou achte a, se pa pou ou li ye. Ou pa ka ap mande Freda pou li pote limyè sou wout ou, epi ou ap chache flè pi bon mache a tankou se pa li ou mete onè a. Ou pa ka rele Ogou pou l bay fòs, epi ou ap fè tout diskisyon sou pri tafya a. Jan ou mete tèt ou nan achte a, se jan lwa yo resevwa entansyon ou. Sa ou voye bay yo, se sa ou jwenn tou.
Anpil moun bliye sa: sa ou bay se sa ou resevwa. Si ou mete lanmou, ou resevwa lanmou. Si ou mete respè, ou resevwa respè. Men si ou mete avaris, ou ka resevwa blokis. Paske nan mond mistik la, pa gen manti. Tout bagay wè. Tout bagay santi. Lwa yo pa bezwen ou mete anpil kòb, men yo bezwen ou mete anpil kè.
Pri ou peye a pa toujou lajan. Li se yon sakrifis. Lè ou bay san ou pa diskite, lè ou ofri ak senserite, se pa pri a ki konte, se valè enèji a. Sa vin tounen yon ofrann, yon jès sen, yon mo san pale. Ou voye limyè, ou resevwa limyè.
Men gen moun, nan chache pi bon mache, yo mete tèt yo ak move enèji. Yo achte bagay ak tèt chaje, ak kòlè, ak manti. E sa, se pa sèlman yo ki pran l: se lwa yo ki resevwa l. Chak flè ou achte ak move entansyon pote enèji li nan sèvis ou. Pa sezi si wout ou vin gate, si travay ou pa bay. Paske lwa yo pa fou. Yo santi lè ou jwe ak yo. Yo konn si ou ap sèvi oswa si ou ap manipile.
Freda se limyè, Danbala se pèsistans, Ayizan se sajès. Lwa sa yo ak anpil lòt pa aksepte wòl ou si ou pa mete bon jan entansyon, si ou pa bay ak kè. Lè ou fè pri, lè ou rale bagay tankou se pa anyen, se tankou ou di: “Sa a pa vo li.” Epi lè ou di sa, ou mete limit sou sa ou menm ka resevwa.
Si ou pa gen ase, pa bezwen bay manti, pa bezwen jwe. Pale ak yo. Di verite a. Fè sa ou kapab ak onètete, ak respè. Paske se pa kantite a ki konte, se senserite ki louvri pòt.
Se pou chak acha ou tounen priyè. Se pou chak bagay ou mete devan lwa yo chaje ak limyè. Lè ou achte pou yo, se pa pou vann w ap prepare — se pou benediksyon ou w ap louvri pòt.
Pa janm bliye: sèvi lwa se sèvi lavi. E lavi pa negosye ak mank respè.
















