Cholestérol se youn nan pwoblèm sante ki afekte anpil moun, pafwa san yo menm pa reyalize sa. Men bon nouvèl la ,gen solisyon natirèl, fasil pou prepare lakay, ki ka ede w kontwole nivo kolestewòl ou san ou pa bezwen depanse anpil. Resèt sa a sèvi ak engredyan senp tankou lay, jenjanm, sitwon, dlo ak siwo myèl – tout sa ou ka jwenn sou mache lokal la.
✅ Engredyan ou bezwen :
4 gous lay
½ tas ji sitwon (apeprè 125 ml)
3 cm rasin jenjanm
8 tas dlo (2 lit)
1 tas siwo myèl (apeprè 336 g)
➡️ Kijan pou w prepare li :
Retire po lay la, kraze l oswa koupe l an moso.
Rape oswa koupe jenjanm la an ti bout.
Mete lay, jenjanm, ak ji sitwon an ansanm ak 2 lit dlo.
Ajoute siwo myèl la, epi blende tout engredyan yo ansanm pou jwenn yon melanj lis.
Koule l ak yon passwa epi mete li nan yon boutèy ki byen fèmen.
Kite l repoze nan frijidè pandan omwen 5 jou avan ou kòmanse bwè li.
➡️ Kijan pou w itilize li (Pozoloji) :
Pran 1 tas bwason sa chak jou avan ou manje, pandan 2 semèn san entèwipsyon. Apre peryòd sa a, fè yon tès kolestewòl pou verifye chanjman yo. Ou ka toujou kontinye si rezilta yo ankourajan.
⚠️ Ti konsèy an plis :
Resèt sa a pa ranplase konsèy yon doktè. Si ou sou medikaman, pale ak yon pwofesyonèl sante avan ou konbine de metòd. Sonje tou, manje balanse, fè egzèsis, ak evite grès satire yo se pi bon alye ou kont kolestewòl.
Sante w pa gen pri — bay kò ou sa li merite!
















