Nan anpil sosyete, epi sitou nan sosyete nou an ki mare ak relijyon ak tradisyon, sijè relasyon seksyèl anvan maryaj toujou rete tabou. Se yon sijè yo pale sou li an kachèt, yo jije sou li an silans, epi yo regle sou li ak règ ki pa toujou ekitab. Men, si nou pran tan gade pi fon, nou ap wè ki jan kilti ak relijyon souvan sèvi ak « moralite » pou kontwole kò moun, espesyalman kò fanm yo.
Depi timoun piti, yo aprann fi yo « kenbe janm yo fèmen », « pa bay tèt yo fasil », « rete jenn fi jiskaske ou marye ». Se tankou valè yon fi mezire ak sa ki ant janm li. Tandiske, gason yo souvan jwenn plis tolerans. Yo gen dwa « eksplore », « fè eksperyans« « se gason », jan yo toujou di. Se konsa, menm koze a—relasyon seksyèl anvan maryaj—jije selon sèks moun ki enplike a. Se pa jistis sa, se kontwòl.
Relijyon, pandan tout tan, mete pwa pa li. Nan anpil legliz, « peche lachè » konsidere kòm youn nan pi gwo. Fi ki fè lanmou anvan maryaj souvan gade tankou li “sal”, li « fè wont », li « endisipline ». Men, anpil pa janm poze kesyon sou sa ki mennen jèn sa yo nan relasyon sa yo : se lanmou, se presyon sosyal, se mank edikasyon seksyèl, se chèche afeksyon, oswa se vyolans maskilen?
Kiltirèlman, maryaj toujou prezante tankou « koronman » nan lavi yon fi. Se tankou tout sa li ye, se pou l prepare pou vin madanm yon moun. Lè li « rate » premye relasyon li, li jije. Lè li fè pitit san maryaj, li rejte. Sosyete a pi souvan wè sa tankou echèk pèsonèl li, pa janm kòm echèk sistèm lan.
Verite a, se ke relasyon seksyèl pa yon sijè ki ka regle ak pè, ak wont, ak silans. Se yon sijè ki bezwen onètete, edikasyon, ak respè pou libète chak moun sou sa yo vle pou kò yo. Okenn relijyon, okenn koutim pa ta dwe fè ou santi w pa gen valè paske ou te fè lanmou anvan maryaj. Kò w se ou ki pou li, e dwa pou deside sou li dwe ou menm.
Relijyon ak kilti ka gen valè yo, e gen anpil bagay enpòtan yo pote, men se pa pou yo sèvi kòm zam pou kontwole oswa jije moun. Li lè pou nou mete plis lanmou, plis konpreyansyon, epi sispann sèvi ak “moralite” pou peze tèt lòt.
Relasyon seksyèl se pa sa ki defini valè ou. Libète kò w, se dwa ou.
















