Lontan, depi lè vakans lan te gentan ap pwoche, anpil paran te konn gentan ap prepare pou voye pitit yo nan kan dete. Se pa t sèlman pou wete yo lakay la, men se te yon fason pou bay timoun yo opòtinite viv yon eksperyans diferan, jwenn zanmi, jwe, aprann, epi devlope.
Nan anpil fanmi, sa te tounen yon tradisyon. Chak ane, menm si pa t gen anpil mwayen, paran te fè efò pou mete ti kòb sou kote, jis pou timoun yo te ka patisipe nan kan. Gen moun ki te voye pitit yo nan kan ki fèt nan kapital la, gen lòt ki te chèche kan ki te fèt nan pwovens. Men tout timoun, kote yo te ale a, te pote menm lajwa.
Lè timoun yo al nan kan, se tankou y ap dekouvri yon lòt lavi: yo soti nan kay la, yo vin rankontre lòt timoun ki soti lòt kote, yo aprann viv ansanm, yo aprann disiplin, yo fè aktivite fizik, yo chante, yo danse, yo jwe foutbòl, yo fè jwèt tradisyonèl, epi pafwa yo aprann menm yon metye: kwizin, penti, atizana, oswa menm agrikilti.
Gen timoun ki te retounen soti nan kan ak plis konfyans nan tèt yo, plis sans responsabilite, e menm kèk nouvo abitid. Gen paran ki te konn sezi wè jan pitit yo chanje aprè jis kèk semèn.
Kan dete pa t sèlman yon kote pou jwe, li te tounen yon lekòl lavi. Li te tounen yon espas kote timoun yo aprann san presyon, yo dekouvri kapasite yo, yo aprann viv ansanm ak respè. Se te yon bèl peryòd — yon tradisyon fanmi ki te chita sou lanmou, devlopman, ak edikasyon.
Jodi a, anpil bagay chanje, men bèl souvni sa yo rete vivan. Tradisyon sa merite retounen, paske timoun toujou bezwen aprann, jwe, ak grandi nan espas ki sen e ki ankourajan.
C/P- Camp d’ete FOVA