Bienvenue!

Vodou pa yon move bagay : poukisa anpil nan nou pè di nou se vodouyizan?

Vodou. Mo sa a souvan fè moun pale anpil . Gen moun ki panike, lòt ri, lòt mete men sou tèt yo. E sa, se pa paske yo konprann li. Se paske depi lontan, vodou makonnen ak pè, ak move zak, ak sa ki pa pwòp. Men eske vodou se sa vre? Oswa se jan sosyete a, relijyon kolonyal yo, ak moun ki gen enterè fè nou kwè li ye?

An reyalite, vodou se youn nan relijyon ki pi rasin nan idantite pèp ayisyen an. Li soti nan rejyon Lafrik, li pote konesans, koneksyon ak lanati, respè pou zansèt, e li chita sou prensip solidarite, jistis, ak lonè. Men sou kou kolonizasyon ak lesklavaj, li te demonize. Epi, malerezman, jiska jodi a, anpil nan nou toujou ap repete menm pawòl sa yo: “vodou se satan”, “vodou se sòsyè”, “vodou se sa ki fè peyi a pa avanse”. Men, eske se vodou ki fè peyi a pa mache, osnon se inyorans nou sou sa nou ye?

Vodou se relijyon. Li gen lwa (lespri), li gen seremoni, li gen priyè, li gen moral, li gen kòd konpòtman. Men li pa toujou itilize kòm relijyon. Gen moun ki sèvi ak mo “vodou” pou mete pè sou lòt, pou fè yo fè sa yo pa vle, pou regle kont pèsonèl. Lè sa a, se pa vodou ankò. Se manipilasyon. Se estrateji. Se move itilizasyon konesans sakre pou enterè pèsonèl.

Lè ou tande moun di: “Yo lage ou”, “Ou anba chenn lwa”
Eske se kwayans? Eske se rityèl? Oswa se pawòl pou mete ou anba presyon? Vodou pa la pou fè moun pè. Men, depi moun itilize li kòm zam, li pèdi esans li.

Se konsa vaudou, ki ta dwe sèvi pou rasanble nou, vin tounen zouti divizyon. Relijyon ki te leve tèt esklav yo kont sistèm opresyon an, jodi a, se li y ap kache pou yo pa jije. Poutan, anpil moun chita sou kilti vaudou chak jou san yo pa konnen: mizik, manje, dans, pawòl, menm kèk jou fèt.

Li lè pou nou sispann repete sa n pa konprann. Vodou pa mechan. Vodou se pa pè. Vodou se memwa. Vodou se reyalite. Wi, gen moun ki ka itilize non li pou fè mal. Men se pa relijyon an ki mal. Se jan nou sèvi ak li.

Vodou, se relijyon. Se kilti. Se fyète. Se pa yon pyej. Se pa yon pè.

De la même catégorie