Bienvenue!

Èske w te konnen Akil Dinò genyen yon legliz ki bati… devan dèyè ?

Eksplikasyon

Se pa blag, ni erè achitekti. Daprè sa plizyè ansyen nan zòn nan rakonte, gen yon istwa byen espesyal dèyè fason legliz sa a te konstwi. Lè pwojè a t ap lanse, yo te mande kontribisyon nan men tout moun nan kominote a pou rasanble lajan pou bati kay Bondye a. Men, dapreè, yon pati nan popilasyon an sitou sa yo ki t ap viv nan direksyon anba kayèt la pa t vle mete men nan pòch yo.

Ebyen, gwoup moun ki te kwè nan pwojè a, ki te deside bay lajan pou legliz la fèt, se yo ki te pran tèt dosye a. Epi, kòm yon fason pou mete valè sou efò yo, yo te fè bati tèt legliz la nan direksyon anwo bò kote pa yo. Se konsa, lè klòch la sonnen midi, son an monte dwat sou zòn kote moun sa yo te rete, tandiske moun anba pa tande li byen. Yon jan pou di: “Se nou ki mete kòb, se nou ki gen benediksyon an!”

De la même catégorie