Bienvenue!

Èske w te konnen sèks yon timoun depann de papa li?

Eksplikasyon

Sèks pitit ou si se fi oswa gason depann de papa li. Men, se pa papa a ki chwazi sa li vle. Se pa yon chwa volontè. Ann ale pi fon pou nou eksplike sa byen klè.

Depi nan moman fegondasyon an, sa vle di lè ovil manman an ak espèmatozyid papa a rankontre, sèks timoun nan deja detèmine. Men kijan sa mache?

Manman pote selman yon tip kromozòm seksyèl: X. Se sa li gen nan ovil li. Pa gen lòt opsyon.
Papa, li menm, gen de tip: X oswa Y. Se youn ladan yo li voye nan espèm li.

Chak paran bay yon sèl kromozòm pou fè konbinezon an.
Manman obligatwa bay X.
Papa kapab bay swa X swa Y.

Se konbinezon sa a ki detèmine sèks pitit la:

X (manman) + X (papa) = XX ➡️ Ti fi 👧🏾
X (manman) + Y (papa) = XY ➡️ Ti gason 👦🏾
Kidonk, ou wè? Sèl moun ki pote eleman ki ka fè diferans lan, se papa a. Si li voye yon X, se yon ti fi. Si li voye yon Y, se yon ti gason.

Se rezon sa menm ki fè nou di: sèks pitit la depann de papa.

De la même catégorie