Lè nou chwazi fè pitit oswa nou jwenn nou responsab pou nou leve yon timoun, se pa yon ti responsablite. Se yon travay ki mande pasyans, lanmou, men tou disiplin ak bon jan enstriksyon. Yon pitit byen leve se yon avni pou fanmi an ak pou sosyete a. Men, si ou pa bay bon egzanp, si ou two toleran oswa ou kite timoun nan fè sa li vle, demen se ou menm ki va kriye. Sosyete a va reproche w, paske se pitit ou ki va vin yon moun ki pa respekte lòt, ki pa gen valè, oswa ki pa konn viv an sosyete.
Aprann respekte lòt,yon timoun dwe konprann li pa ka fè tout sa li vle san konsidere moun ki bò kote l. Li dwe aprann respekte granmoun, kamarad li, ak règ sosyete a.
Li dwe devlope yon bon karaktè, se sa ki pèmèt yon moun konnen diferans ant sa ki byen ak sa ki mal. Si ou pa montre pitit ou sa ki bon, li pa pral devlope yon santiman pou jistis ak onè.
Yon moun ki byen elve konn kijan pou li konpòte l nan piblik, li pa agresif, li pa vòlè, li pa bay tèt li nan move abitid.
Pitit yo se kopi paran yo. Si ou pale gwo, si ou pa respekte lòt, pitit ou ap fè menm bagay la.
Fè yo konprann poukisa yo pa dwe mantì, poukisa yo dwe obeyi, ak konsekans move aksyon yo.
Lanmou pa vle di ou dwe kite pitit ou fè tout sa li vle. Disiplin nesesè pou yo ka grandi ak limit.
Fè pitit ou konprann valè travay, swen byen lòt, ak responsablite.
Si ou kite pitit ou grandi san bon jan enstriksyon, demen li ka:
Vin yon moun ki pa gen respè pou anyen ni pou pèsonn.
Tonbe nan move zanmi oswa move abitid (drog, krim, vyolans).
Fè ou wont devan sosyete a paske li pa konn viv ak lòt.
Se poutèt sa, se pa sèlman lanmou ki enpòtan nan edikasyon yon timoun, men fòs moral, disiplin, ak bon konsey. Si w byen okipe pitit ou jodi a, demen w’ap kontan wè li vin yon moun ki respekte, entèlijan, ak itil nan sosyete a.