Nan kè kwayans popilè ayisyèn, zonbi toujou okipe yon plas enpòtan. Men sa ki plis etone, se reyalite selon plizyè temwayaj ki di zonbi konn “lwe”pou travay nan biznis, nan lakou, e menm pou sekirite. Yon vyeya 80 lane pale , li konfime gen tout tip zonbi, e fonksyon yo depan de sa moun nan te konn fè anvan li te mouri.
Daprè vyeya a, yon moun ki te konn fè kontabilite, si li vin tounen zonbi, l ap toujou rete nan menm domèn nan : kont, kès, biznis. Moun ki te konn fè jaden? Zonbi sa a ka mete ap fouye tè. Sa ki konn kondi? Yo ka wè li sou volan.
Nan kèk biznis, se pa konpayi sekirite ou jwenn. Se zonbi ki veye lannuit! Gen kote vòlè pa ka antre, pa paske yo wè gad, men paske fòs envizib ap veye kote a. Gen moun ki di yo wè zonbi kap mache, gen lòt ki pa janm wè yo men yo santi prezans lan.
Moun ki bezwen yon zonbi ale lakay yon bòkò. Bòkò a ka bay yon mouchwa, yon wòch, oswa menm mete ou an kontak ak yon zonbi fizik. Kit ou wè li ou pa wè li, ou dwe “nouri” li. Selon sa bòkò a di, chak zonbi gen manje pa li.
Pou jwenn sèvis sa a, gen pri. Daprè kèk bòkò, 20,000 goud Ayisyen oswa plis ka ase pou w lwe yon zonbi pandan yon peryòd. Gen moun ki sèvi ak sa pou mete lòd nan biznis, lakay, oswa pou fè travay lou.
Zonbi pa ka fèt ak nenpòt moun. Daprè bòkò ak vyeya yo, si yon moun mouri san fòt, li pa ka tounen zonbi. Gen yon “tribinal” mistik ki jije sa. Si moun nan se viktim, yo voye lespri li lwen. Se konsa gen moun nou jwenn “fou” nan lari a, paske lespri yo pa jwenn repo.
Nan yon peyi kote relijyon, kwayans ak reyalite melanje chak jou, kesyon zonbi pa janm senp. Men pou kèk moun, li se zouti, li se resous, e pafwa… li se biznis.
















