Gen kèk sentòm ki parèt sou kò ou, tankou tèt vire, vizyon nwa oswa fatigue, ki souvan kapab vini lè ou gen fwaw ki gen anpil grès oubyen si san w pa sikile byen. Lè sa rive, ou pa bezwen kouri achte medikaman chimik gen yon remèd natirèl, senp, ki ka ede w santi w pi byen.
Engredyan yo :
- Bètrav
- Pòm
- Seleri
- Sitwon
- Miel (opsyonèl, pou gou)
Kijan pou prepare l :
Blende bètrav, pòm ak seleri ansanm ak yon ti dlo. Apre ou fin blende, koule likid la, ajoute ji yon sitwon fre ladan l epi mete yon ti kiyè miel si ou vle.
Kijan pou w sèvi l :
Bwè yon vè chak jou, pandan plizyè jou. Bwason sa ap ede netwaye kò a, amelyore sikilasyon san, epi soulaje tèt vire ak nwa w konn wè.
Se pa medikaman men se yon remèd natirèl ki bay bon rezilta. Kenbe li kòm yon abitid sante si ou toujou gen sentòm sa yo