Bienvenue!

Lè plezi tounen prizon: verite sou adiksyon seksyèl nou pa janm di

Gen bagay nou toujou pale dousman sou yo. Gen lòt, nou pa janm pale ditou. Men sa pa vle di yo pa egziste. Adiksyon seksyèl ak gade pònografi se youn nan sa yo. Se tankou lonbraj ki swiv anpil moun, men pifò pè admet li. Gen moun ki viv ak li chak jou, an silans, anba wont ak kè sere.

Sa kòmanse pafwa kòm yon ti bagay senp. Yon videyo, yon imaj, yon kout klik sou telefòn. Yo di tèt yo “m ap gade l jis pou plezi”, “se pa anyen”, “m ka kontwole sa”. Men ti kras pa ti kras, li vin pran plas. Plis pase sa yo te imajine. Pònografi vin tounen yon refij kont stres, solitid, oswa pwoblèm pèsonèl. Li vin tankou yon dwòg plis ou gade, plis ou bezwen gade. Plis ou fè sèks, plis ou bezwen li pou santi ou vivan, menm si se pa lanmou ou ap chèche.

Sa pa toujou fasil pou rekonèt. Gen moun ki marye, ki gen pitit, ki toujou ap travay, epi moun panse tout bagay anfòm. Men andedan, yo ap lite. Yo santi yo koupab, men yo pa ka sispann. Chak fwa yo di “m pa pral fè sa ankò”, men lannuit tonbe, ak solitid la retounen. Epi men yo nan li ankò.

Se pa tout moun ki konprann jan sa fon. Gen ki di se jès, se plezi, “tout gason fè sa”. Men se pa vre pou tout moun. Lè li vin tounen yon chenn ki pa kite ou respire, li pa plezi ankò. Li kraze relasyon, li divize fanmi, li fè moun pèdi tèt yo. Gen ki pè pale, paske pè yo pa konprann, oubyen pè yo jije yo.

Men sa pa gen pou l rete konsa. Gen fason pou soti ladan l. Gen moun ki konn sa, ki ka ede. Lè w pale ak yon moun ki pa la pou jije w, men ki vle konprann ou, ou deja fè premye pa a. Fwa sa pa mande lapriyè sèlman, ni wont. Sa mande onètete ak tèt ou. Sa mande kouraj pou di: “m bezwen èd”.

Nou tout gen pwa pou nou pote. Gen ki parèt, gen ki kache. Men pa gen anyen ki twò sal oswa twò wont pou nou pa ka mete limyè sou li. Lè nou pale, nou soulaje. Lè nou chèche èd, nou reprann kontwòl. E si ou menm ou santi w ap pèdi tèt ou nan sa, sonje ou pa pou kont ou. Pa gen pyès bagay ki pi moun pase lot. E ou merite viv lib, menm ak sa w pa janm di pèsonn.

De la même catégorie