Anpil timoun nan sosyete ayisyèn pote yon chay yo pa t chwazi : yo rele yo pitit deyò. Pa paske yo te fè yon move zak, men jis paske yo fèt andeyò kad yon maryaj. Tèm sa a, ki sanble inosan pou kèk moun, se yon gwo kout kouto sou kè anpil timoun. Li kraze valè yo, li mete yo sou kote, li fè yo santi yo pa ase bon pou mond lan. Se pa pitit ki pou peye pou desizyon granmoun. Se tan pou nou mete fen ak prejije sa yo.
Lè yon moun di yon timoun se pitit deyò, li pa jis ap dekri sitiyasyon fanmi li. Li mete etikèt sou li. Yon etikèt ki souvan ouvè pòt pou mepri, rejè, e menm abi. Timoun sa yo souvan viv ak santiman yo pa fè pati, yo pa gen plas pa yo, yo pa merite lanmou ni respè.
Yo jije yo san ba yo chans pou yo esplike. Yo mete yo nan kategori moun “dezyèm klas”, menm si se yo k ap pi fè efò pou yo pwouve tèt yo. Epi yo soufri an silans, pandan y ap gade lòt timoun ki gen menm kapasite ak yo, men ki resevwa lanmou san kondisyon.
Rebecca Pierre Louis, yon jèn fi ki pa janm tande papa li rele l “pitit mwen”, pataje doulè li ak tout verite :
“Se pi gwo mal paran mwen te ka fè, mete m sou kote paske mwen pa t fèt nan menm kondisyons ak ti sè m. Se li ki te toujou gen pi bon tretman, pi bon rad, pi bon pawòl. M vin grandi ak santiman se mwen ki t twòp. Se mwen ki t toujou an tò. Chak ti bagay, se mwen yo t ap blame.”
Rebecca rakonte jan sa te devlope anndan li yon ensekirite ki makonnen ak kòlè, tristès, ak solitid.
“Mwen te oblije aprann pa mande twòp, pa jwe twòp, pa pale twòp. Se tankou m te ap viv nan kay la men mwen pa t fè pati fanmi an. Gen anpil bagay mwen reyalize jodi a, men mak sa yo poko janm efase.”
Timoun ki sibi stigma sa a souvan devlope traka enteryè ak mank konfyans. Yo santi yo oblije toujou fè plis pou yo ka aksepte. Yo pè fè erè, paske yo konnen moun ap toujou di : “m te konnen l t ap tounen sa,” jis paske li se pitit deyò.
Gen fanmi ki fè diferans ant timoun ki soti nan maryaj ak sa ki pa soti ladan. Gen kote yo fè yo dòmi separe, manje apa, voye yo fè plis travay pase lòt. Se tankou lanmou ak respè yo gen limit, selon kote timoun nan sòti. Èske sa jis? Èske sa sen?
Nou renmen pale de moral, de respè, de Bondye. Men menm Bib la di nou pa jije lòt. Lè nou mete etikèt sou yon timoun ki fèt deyò, nou pa jis fè l mal, nou anpeche li fleri. Chak timoun se yon limyè. Se pa papye maryaj ki ba li valè, se lanmou, edikasyon, ak opòtinite.
Se pa paske yon fanm te fè pitit ak yon gason li pa marye ak li, pitit la dwe sibi tout fache. Epi gen de gason ki fè plizyè pitit deyò, men sosyete a padone yo, yo kontinye mache ak tèt yo leve. Se timoun nan ak manman an ki pote tout chay la.
Nou dwe sispann voye wòch sou sa ki inosan yo. Lè nou di yon timoun se pitit deyò, nou pa rann nou kont kijan sa blese li, kijan sa detwi konfyans li, kijan sa mete l nan yon kous kote li ap lite chak jou pou l santi li vo anpil bagay. E poutan, li pa chwazi kote l sòti. Li jis vle viv, renmen, aprann, grandi.
Etikèt pitit deyò a se pa yon deskripsyon se yon jije san fondman. Li tan pou nou kraze miray sa yo, sispann mezire valè yon timoun selon estati relasyon ki te bay nesans li. Se pa kote li sòti ki konte, se kote li vle rive. Chak timoun merite lanmou. Chak timoun merite respe. Chak timoun gen dwa pou li santi li fè pati de sosyete a
Pou tout Rebecca ki grandi ak chagren sou kè yo, ann sispann mete mak sou timoun, pou nou ka mete espwa nan avni yo.