Bienvenue!

Obligasyon pitit pote non papa a: kilti oswa presyon?

Nan anpil sosyete, sitou nan tradisyon ayisyèn, li nòmal pou pitit pote non papa yo. Se sa nou aprann, sa nou wè, sa yo fè nou konprann kòm “lòd natirèl” lavi a. Men eske se yon chwa natirèl, oubyen yon presyon sosyete mete sou fanm ak timoun yo?

An Ayiti, depi pitit fèt, premye kesyon se: “Ki kote papa l ye?” Apre sa, yo presize: “Se pou papa l mete l sou non.” Mete pitit sou non papa a vin tankou yon prèv responsabilite gason an, men li vin tounen tou yon chay sosyal sou fanm ki, pafwa, ta ka chwazi yon lòt non, oswa mete pitit la sou non pa yo pou divès rezon.

Anpil moun kwè  pote non papa a se yon fòm respekte desandan, fè pitit la “santi l soti nan yon fanmi.” Men sa pa toujou reflete reyalite a. Gen papa ki pa janm asime wòl yo, men timoun nan toujou pote non yo. Gen lòt ki refize bay non yo, e sa vin afekte timoun nan nan aspè legal, edikatif, emosyonèl ak sosyal.

E si nou te mete plis valè sou enpòtans lanmou, edikasyon, ak swen nou bay timoun yo olye de sèlman gade ki non yo pote? Se pa non ki fè timoun grandi ak bon jan prensip, men se responsablite moun ki pran swen yo chak jou.

Diskisyon sou non pitit dwe ouvè. Fanm yo merite gen dwa chwazi mete non pa yo sou pitit yo san yo pa santi se yon rebèl, oswa  y ap fè wont fanmi. Nan fen jounen an, non pa defini valè yon timoun, men se jan nou leve li ki pi enpòtan.

De la même catégorie