Nan anpil zòn nan sosyete nou an, nou vin abitye pou n wè timoun k ap mache ak bokit oswa bwat nan men yo, mande lajan sou lari, devan legliz, nan mache oswa nan mitan trafik, anpil moun pa menm reyalize gravite sitiyasyon an. Dèyè imaj sa a ki parèt inosan pou kèk moun, kache yon lòt reyalite : se yon fòm eksplwatasyon modèn ki retire timoun yo nan dwa yo, ki kraze diyite yo epi mete lavi yo ak lavni yo an danje.
Anpil nan timoun sa yo pa leve chwazi pou yo pase jounen yo anba solèy ap mande lajan. Souvan, se granmoun, paran oswa responsab yo ki voye yo sou lari, pafwa depi granm maten, san manje, san abiman ki kòrèk, san okenn swen. Anpil nan yo pa gen aksè ak lekòl, yo grandi nan mizè ak vyolans, epi yo ap viv yon timounès ki boule twò vit. Lari a vin tounen lekòl yo, yon lekòl kote yo aprann siviv, men kote yo pèdi chans pou yo devlope potansyèl yo.
Dèyè ti men ki lonje a, gen anpil danje k ap veye yo : risk abi seksyèl, kidnapping, maladi, aksidan, ak yon depandans mantal ki fè yo santi yo pa gen valè. Lari a pa kay. Lari a pa espas pou yon timoun grandi. Lè yon peyi tolere yon reyalite konsa, li ap prepare pwòp echèk li nan tan kap vini.
Se responsablite nou tout pou nou chanje bagay yo.
Leta dwe pran pozisyon klè kont pratik sa yo, mete estrikti sosyal ki ka sipòte fanmi ki nan difikilte, pandan sosyete sivil la kontinye leve vwa pou defann timoun yo epi fè moun konnen konsekans grav sa genyen sou lavi yo.
Timoun pa zouti pou fè lajan. Lè nou aksepte wè yo sou lari ap mande, nou ap trayi limanite nou. Yo pa bezwen monnen, yo bezwen edikasyon. Yo pa bezwen pitye, yo bezwen jistis. Yo pa bezwen silans nou, yo bezwen aksyon nou. Li lè pou n mete yo kote yo merite : sou ban lekòl, pa sou kwen lari.
















