Lontan, nan anpil fanmi ayisyen, lè solèy kouche epi briz ap desann dousman nan lakou a, tout moun te konn rasanble pou pase bon moman ansanm. Granmoun yo te chita sou ban bwa oswa sou ti chèz yo , timoun yo te fè won bò kote yo, epi la a, lavi te pran yon lòt gou. Se te lè pou tire kont, pou rakonte istwa, pou fè blag ki fè tout moun pete ri.
Se te yon fason pou granmoun yo pase lasajès bay jenerasyon ki vini apre yo. Chak istwa te genyen yon leson ladan l, pafwa sou respè, pafwa sou travay, pafwa sou amitye oswa sou lanmou. Nan blag yo menm, anpil moun te jwenn yon jan pou detann yo apre yon jounen chaje ak travay.
Anbyans sa yo te fè timoun yo aprann koute, devlope imajinasyon yo, epi pran abitid pataje. Menm granmoun yo te jwenn nan moman sa a yon jan pou libere tèt yo ak pou kenbe yon relasyon sere ak fanmi an.
Jodi a, anpil nan tradisyon sa yo ap pèdi plas yo, paske teknoloji pran pi gwo espas nan kay nou. Men verite a, okenn ekran pa ka ranplase chalè yon blag ki soti nan bouch yon granmoun oswa yon kont ki fè timoun reve. Si nou vle kenbe memwa fanmi ak kilti nou vivan, fòk nou kontinye chèche moman konsa pou n rasanble, pou n ri ansanm, pou n kite pawòl ak imajinasyon mare jenerasyon yo youn ak lòt.
Tire kont ak blag nan fanmi, se pa sèlman yon ansyen plezi, men se yon richès kiltirèl ak emosyonèl ki merite kontinye ap viv.