Bienvenue!

Lè fanmi evite pale de sèks ak timoun yo : yon tabou ki koute chè

Nan anpil fanmi ayisyen, pale de sèks ak timoun toujou konsidere kòm yon sijè ki pa dwe antre nan dyalòg. Paran konn panse se yon wont, oswa yo kwè se yon fason pou “fè timoun prese”. Rezilta, timoun yo grandi ak anpil kesyon ki rete san repons, e yo oblije chèche konnen nan lari, nan zanmi, oswa sou rezo sosyal. Souvan, se move enfòmasyon yo jwenn, ki louvri pòt pou erè grav.

Silans sa a pote anpil konsekans. Lè pa gen dyalòg, timoun yo antre nan lavi seksyèl yo san yo pa pare, san pwoteksyon, e pafwa anba presyon. Se konsa anpil jèn tounen viktim vyolans, gravman ekspoze ak maladi transmisib, oswa vin ansent san planifikasyon. Yon lòt danje timoun yo, nan mank edikasyon, pa konnen kijan pou di non ni kijan pou pwoteje kò yo.

Pale de sèks nan fanmi, se pa bay timoun yon leson imoral, men se mete yo sou chemen verite. Yon konvèsasyon senp sou kò imen, sou respè, sou limit pèsonèl ak sou responsablite, ka chanje lavi yon jèn. Lè yon pitit santi li gen dwa poze kesyon lakay li, sa evite anpil tò ki konn fèt nan silans.

Kiltirèlman, gen moun ki toujou kwè se legliz, lekòl, oswa lòt moun ki pou fè edikasyon seksyèl la. Men verite a, se nan fanmi timoun dwe jwenn premye pawòl la, paske fanmi se premye lekòl lavi. Lè paran fèmen bouch yo, yo kite lòt moun antre ak diskou ki pa toujou bon.

Jodi a, si nou vle pwoteje jenerasyon k ap vini yo, fòk nou kraze baryè tabou sa a. Pale ak timoun pa vle di ba yo tout detay twòp, men se adapte pawòl la ak laj yo, ak nivo konpreyansyon yo. Se konsa nou ka bati yon jenerasyon ki pi responsab, ki pi pwoteje, epi ki pi lib nan chwa yo.
Se vre, sèks se yon sijè delika, men se lè nou kontinye evite l ki fè li vin tounen yon danje. Pale, eksplike, koute, se pi gwo kado yon fanmi ka bay pitit li.

De la même catégorie