Nan epòk kote pawòl gaye pi vit pase van gras ak rezo sosyal, non yon moun vin pi frajil . Yon sèl pawòl ki pa gen fondman ka frape pi rèd pase kout wòch, e sa n ap temwen chak jou se kijan fo akizasyon ap detounen lavi moun, kraze konfyans ak detwi rèv yo.
Leve yon manti sou yon moun se pa yon ti jwèt. Dèyè sa, gen relasyon ki gate, gen pòt ki fèmen sou opòtinite, e gen yon kè ki ka desann nan depresyon. Pi rèd toujou, pafwa yon fo nouvèl konn mete lavi moun an danje. Pa gen anyen ki pi mechan pase sèvi ak pawòl kòm zam pou fè lòt moun soufri.
Repitasyon, se tankou yon kristal. Yon fwa li fann, li difisil pou kole l ankò. Menmsi laverite sòti pita, domaj la deja fèt. Paske se pa tout moun ki dispoze tande verite a, e se toujou manti ki fè pi gwo bri. Sa vle di, moun ki viktim nan ap toujou ap pote mak zak la, menm lè li deja pwouve enosans li.
Kiltirèlman, gen yon tandans pou pran plezi nan “sal repitasyon” lòt moun. Men se yon kilti ki pa pote anyen bon, li sèlman simen divizyon ak ravaj. Yon moun ki leve fo akizasyon pa ka rele tèt li entelijan. Okontrè, se mechanste l ap pratike.
Sa nou bezwen chwazi kòm chemen, se respè ak verite. Si gen yon pwoblèm ak yon moun, pi bon bagay se pale avè l dirèkteman. Fo akizasyon pa janm rezoud anyen, li sèlman fè plis mal. E pou moun ki tande rimè, pi bon refleks se verifye, olye de sèvi kòm megafòn pou mechanste lòt moun.
Jodi a, nou dwe sonje yon bagay senp : detwi repitasyon yon moun se tire sou avni li ak pawòl. Pawòl yo ka pa fè mak sou po, men yo kite blesi pwofon nan nanm. Sa pa yon blag, ni yon jwèt. Se lavi moun. E chak moun merite verite, jistis ak respè.















