Bienvenue!

Benyen timoun nan dlo fèy : yon tradisyon fanmiy ki te gen anpil sans

Nan anpil fanmiy lontan, premye mwa lavi yon tibebe te toujou make pa yon benyen espesyal nan dlo fèy. Se pa t yon senp beny pou lave kò timoun nan, men yon rityèl ki te chaje ak kwayans, lanmou, ak pwoteksyon. Granmoun yo te prepare dlo a ak fèy medsin tankou bazilik, zoranj si, sitwonèl. yo bouyi yo nan dlo, kite l refwadi, epi sèvi avè l pou benyen tibebe a.

Nan je paran ak fanmiy, dlo fèy sa a te yon baryè kont move enèji, yon pwoteksyon kont maladi, epi yon fason pou timoun nan grandi ak fòs ak sante. Souvan, se granmè oswa matant ki te fè preparasyon an, yon jès ki te plis pase yon abitid, men yon transmisyon konesans ak tradisyon ki pase de jenerasyon an jenerasyon.

Beny nan dlo fèy te yon siy lanmou, yon prèv atachman fanmiy genyen pou nouvo manm nan. Anpil moun ki grandi ak koutim sa yo sonje bon sant fèy yo, ti pawòl benediksyon granmoun yo, ak chalè ki t ap sikile nan moman sa yo. Menmsi lavi modèn ap fè anpil nan pratik sa yo disparèt, gen anpil kominote ki toujou kenbe tradisyon an vivan, kòm yon eritaj kiltirèl ki raple nou relasyon sere fanmiy te konn genyen ak lanati.

De la même catégorie