Bienvenue!

Maladi mantal pa foli : ann leve vwa nou kont silans lan

Nan anpil sosyete, sitou nan peyi tankou Ayiti, maladi mantal rete youn nan sijè ki pi tabou, pi mistifye, e souvan pi neglije. Lè yon moun ap soufri anndan tèt li, se pa toujou sou li nou pran tan poze kesyon. Li fasil pou di li fou, li pa nòmal, li pa gen fòs. Men ki kote nou mete konpreyansyon, kote nou mete lespwa pou moun sa yo?

Depresyon, kriz anksyete, chòk emosyonèl, eskizofreni ak lòt fòm maladi mantal egziste vrèman. Yo pa vye karaktè, ni yo pa move lespri. Men sosyete nou, ki konn apresye soufrans fizik tankou lafyèv oswa frakti, souvan refize rekonèt sa k pa vizib. Anpil fwa, nou mete tout sou do relijyon oswa kwayans mistik. Nou di moun lan anba move lespwi, li gen pou al nan priyè, li pa bon ankò.

Malgre tout sa, chak jou gen moun k ap soufri an silans. Yo pa dòmi, yo pa ka manje, yo pa ka travay. Gen sa yo ki pa ka mete mo sou sa y ap viv. Yo santi tèt yo vide, lavi pa gen sans. E pi souvan, yo pa jwenn okenn sipò. Pafwa, se fanmi yo menm ki fè yo wont, ki di yo dwe “mache dwat”, “fò ou kenbe”, olye yo chèche èd pwofesyonèl.

Nan peyi kote sèvis sante mantal yo limite, sa vin pi grav toujou. Geri pa fasil, men li posib. Men li mande akseptasyon, lespri ouvè, epi aksè a swen. Jèn yo, granmoun yo, fanm ak gason yo merite gen dwa pou yo di yo pa anfòm, san yo pa pè jijman.

Leve tabou a se pa di moun yo fou. Se pale sou sa ki pa janm di. Se aprann tande, san se pa jije. Se ba chak moun espas pou mete mo sou doulè yo. Se rekonèt ke lasante mantal, se lasante tout bon.

De la même catégorie