Bienvenue!

Sa nou dwe konnen sou vodou

Vodou se youn nan pi gwo eritaj espirityèl pèp ayisyen. Men, jan ougan Bilolo Kongo eksplike l, gen anpil move konprann ki fèt sou vodou, sitou lè moun ap konpare l ak relijyon oksidantal yo. Nan vizyon li, vodou pa yon relijyon, men yon chemen konesans, yon fason pou konekte ak tèt ou, ak lanati, ak enèji lavi a.

Premye bagay pou konprann, se ke vodou pa gen sen, jan lòt relijyon genyen yo. Olye de sa, vodou gen lwa, fòs espirityèl ki akonpaye moun. Li pa sèvi ak tèm « dyab », paske mo sa a pa soti nan kilti nou. Ougan Jerry Benjamin fè konnen tout vodou pa sèvi ak « peristil », men ak ounfò, ki se espas sakre kote seremoni fèt.

Nan vodou, pa gen prèt ni vyèj. Sa nou jwenn se ougan ak manbo, moun ki sèvi kòm gadyen tradisyon ak entèmedyè ant lwa yo ak moun. Genyen tou mètrès ak rèn, ki jwe wòl espirityèl enpòtan nan balans kominote a.

Nan yon ti echanj ak sekretè jeneral Lakou Soukri Danache lan, ougan Jerry Benjamin, vodou pa fonksyone sou baz peche, paradi, oubyen lanfè. Olye de sa, gen koz ak efè, byennèt ak inyorans. Lanmò pa ekziste nan vodou, se pito yon travèse. Batèm pa egziste, men gen prezantasyon timoun ki fèt devan solèy la, yon senbòl koneksyon ak lavi. Vodou pa sèvi ak priyè jan lòt relijyon yo fè, men li se yon fason pou konekte ak tèt ou ak ak fòs lanati.

Nan plas liv sakre, vodou sèvi ak lanati sakre kòm gwo referans. Nan plas devosyon, gen sèvis lwa. Nan plas aksyon de gras, gen seremoni tab. Tout bagay sa yo montre vodou se yon sistèm konesans ki chita sou respè ak balans.

Yon lòt kote, sou kesyon kisa vodou ye, ougan Bilolo Kongo mete aksan sou yon pwen kle : vodou pa senkretis, men li se respè tradisyon afriken yo. Anvan kolonyalis te rive, nan Lafrik pa t gen Jezi ni Bondye Izrayèl la. Sa se yon rapèl pou montre ke vodou sòti nan rasin afriken, li pa janm fèt pou kopye lòt relijyon.

Boutofen, selon ougan sa, vodou pa janm yon relijyon, e li p ap janm tounen youn. Li se yon chemen, yon konesans, yon eritaj. Se pou sa li raple : « Ou ka ougan, ou ka manbo, sa pa vle di ou se vodouvi pou sa. » Vodou se plis pase tit, plis pase rityèl : se yon fason viv, yon koneksyon ak tèt nou, ak lanati, ak tout sa ki sakre.

De la même catégorie