Pale ak lwa yo pa yon bagay ki konplike ditou. Nou ka fè sa menm jan nou konn pale ak yon zanmi oubyen yon moun bò kote nou. Lwa yo toujou tande, swa nan pawòl nou di oswa nan sa k ap pase nan kè nou. Lè yon moun pale ak yo ak tout senserite, yo pa rete soud.
Gen kèk mwayen ki rann kominikasyon ak lwa yo pi fasil. Pa egzanp, lè nou limen yon balèn oubyen yon lanp, flanm dife a tounen tankou yon telefòn ki louvri chemen ant nou menm ak yo. Flanm nan se yon senbòl limyè, yon pon ki konekte mond vizib la ak mond envizib la.
Si yon moun vle gen yon kontak pi dirèk toujou, li ka chèche èd bò kote yon gid espirityèl tankou yon ougan, yon manbo, oubyen yon sèvitè lakou. Moun sa yo gen kapasite pou rele lwa nan tèt yo oubyen sèvi ak yon govi, ki se yon krich sakre ki fèt sou règleman, pou antre an dyalòg ak espri yo. Yon lòt fason pou envite lwa prezan se lè nou trase vèvè yo, ki se siy mistik ki rele yo vin manifeste.
Men, kesyon ki pi souvan poze se : « Kijan nou konnen lè Lwa yo reponn? ».
Repons lan senp : yo toujou reponn. Men li mande pasyans, atansyon, ak kapasite pou koute ak entèprete siy yo. Gen fwa repons lan ka vini nan rèv, nan yon pawòl yon moun di san li pa konnen, nan yon ti mouvman nan lanati, oubyen nan yon enspirasyon ki leve nan tèt nou.
Se pou sa, lè n ap chèche dyalòg ak lwa yo, se pa sèlman pale ki enpòtan, men sitou aprann koute. Paske nan silans, nan obsèvasyon, ak nan kè ouvè, se la nou jwenn vwa yo ki toujou la pou gide nou. (modifié) RéagirRépondre