Vodou, ki se youn nan pi gwo eritaj espirityèl pèp ayisyen an, pa sèlman yon relijyon ni yon seri rit. Se yon fason pou konprann lavi, pou viv ann amoni ak lanati, ak tout sa ki egziste sou latè. Nan fondamantal li yo, vodou kanpe sou twa gwo prensip ki trase chemen pou moun viv nan respè ak konpreyansyon.
Premye prensip la di nou ke tout sa ki vivan gen yon sèl orijin. Sa vle di tout fòm lavi konekte ansanm epi yo enfliyanse youn lòt. Lè ou aprann koute epi konprann langaj inivèsèl lavi a, ou kapab kominike ak tout sa ki gen lavi, kit se yon pyebwa, yon bèt, lanmè oswa menm yon moun.
Dezyèm prensip la raple nou ke lavi inik , epi li gen menm fòs tout kote li parèt. Se poutèt sa, nou dwe respekte epi pwoteje l nenpòt kote nou rankontre l. Pi gwo erè limanite fè, se kwè lavi moun pi enpòtan pase lavi lòt èt. Lè nou panse Bondye voye nou pou domine latè, nou sèvi ak tout bagay kòm esklav, olye n viv an balans ak yo.
Twazyèm prensip la montre nou ke sous lavi a te toujou la e li pap janm disparèt. Se sous sa a ki Bondye a nan vizyon vodou a. Li pa yon èt ki lwen, se fòs ki bay lavi epi ki prezan nan tout bagay.
Vodou se pa kwayans nan majik oswa nan lòd mistik sèlman. Se yon filozofi lavi ki raple nou ke nou se pati nan yon gwo chenn legzistans kote tout bagay gen plas pa yo. Lè nou viv ak prensip sa yo, nou aprann respekte tèt nou, lòt moun, lanati ak linivè tout antye.