Gen moun ki wonfle lè yo kouche sou do. Gen lòt ki wonfle kèlkeswa jan yo kouche, e sa ka deranje menm vwazen yo san nou pa pale de mari oswa madanm ki pataje kabann ak ou. Jodi a, nou pote yon solisyon senp pou ede w redwi wonflè sa a.
Remèd la : Sitwonèl
Pa bezwen chache konnen ki lè ou wonfle. Jis pran sitwonèl (plant ki gen bon sant lan), bouyi l, epi vide dlo a nan yon kivèt. Kite l frèt yon ti jan. Lè li nan mezi, mete pye w tranpe ladan l anvan ou al dòmi.
Se yon remèd natirèl ki ka soulaje w. Eseye l pou w wè si li ede w.
Sonje byen : Si wonflè w grav anpil, konsilte yon doktè pou w jwenn tretman ki pi apwopriye.