Bienvenue!

Lekòl louvri : yon bon moman pou pale ak pitit ou

Ane lekòl la kòmanse, e se pi bon moman pou paran chita pale ak pitit yo. Li enpòtan pou nou fè yo konprann kijan lekòl enpòtan pou avni yo, epi montre yo tou se pa lekòl sèlman ki ka fè yo reyisi se travay yo mete sou li, se jan yo pran lavi a oserye.

Se vre lekòl ba ou konesans, men se ou menm ki dwe mete disiplin, respè, ak volonte ladan l. Se ou ki pou fè efò pou aprann, pou suiv règleman, epi pou kolabore ak pwofesè yo. Chak elèv dwe konprann sa.

Men sa pa sifi. Lakay tou se lekòl. Se lakay ou aprann respekte lòt moun, respekte otorite lekòl la, salye pwofesè w, dirèktè w, kominike byen ak zanmi w. Se lakay ou aprann sa ki byen, sa ki mal.

Tout sa ou vle ye demen, ou dwe kòmanse prepare l depi jodi a. Se sa lekòl la ede ou fè. Se pou sa, kòm paran, nou dwe pale ak pitit nou, ba yo bon konsèy, ankouraje yo, epi mete tèt nou ansanm pou bati jenès ki gen sans responsabilite.

An nou edike yo ak lanmou, ak respè, pou yo kapab vin granmoun ki itil pou sosyete a.

De la même catégorie