Bienvenue!

Èske w te konnen reken kapab ap naje menm lè l nan fon somèy ?

Eksplikasyon

Reken sèvi ak branchi li yo pou l respire. Li gen 5 a 7 pè branchi pandan ke lòt pwason gen yon sèl. Pandan l ap naje, reken an pote dlo nan bouch li (kidonk bouch li a toujou ouvè a mwatye). Lè sa a, dlo a sòti nan branchi li yo ki kenbe oksijèn nan epi ranvwaye gaz kabonik ki genyen nan dlo a. Kidonk, pou reken an ka respire, li oblije naje toujou, menm nan vitès ki ba, pou li ka kenbe yon kouran dlo ki pote ase oksijèn nan branchi li yo.Menm pandan l ap dòmi, reken an kontinye naje. Se yon kesyon de sivi. Si li sispann naje, dlo a ap sispann koule nan branchi li yo epi li pap ka respire.

Sous :  Amp.elle.fr

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

De la même catégorie