An Ayiti yo rele jou samdi jou bese leve. Se jou anpil fanmi chwazi lave rad yo. Paske pandan lòt jou nan semen nan, prèske tout moun nan fanmi an nan aktivite yo. Sa ki al lekòl, sa ki al nan kou e sa ki al travay oubyen al vann nan mache. Poutèt yo pa twò gen tan, yo chwazi konsakre samdi an ak lesiv.
E ou menm ?