Bienvenue!

Libète pa libètinaj

Libète pa libètinaj

Libète se posibilite moun genyen pou aji, panse, pale, chwazi daprè valè yo, mès yo, koutim ak kwayans yo. Libète se yon dwa, men tou se yon devwa ak obligasyon. Yon dwa paske sosyete ki lib yo, kreye lwa ki pou garanti ak pwoteje libète tout mou. Libète se yon devwa, paske, dwa pou aji, panse, pale chak moun genyen yo, gen limit, fòk yo pa deranje dwa lòt moun, fòk yo pa kontrè ak règ, ak valè sosyete yo etabli pou chak endividi viv lib. Libète se obligasyon, fòk youn respekte lòt, fòk youn konprann lòt, fòk tout moun aji selon la lwa.

Depi ou pa respekte sa lalwa di, depi aksyon w ap poze yo deranje dwa lòt moun, kidonk libète yo, ou pa nan libète ankò. Lè sa, ou tonbe nan libètinaj. Libète pa libètinaj !

 

 

CP: Shouse Law Group

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

De la même catégorie