...

21 fevriye 2024 : selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman

Jounen entènasyonal lang manman selebre chak 21 fevriye ane ki fenk parèt la. Se yon inisyativ ki soti Bengladèch, ki te apwouve atravè yon konferans jeneral UNESCO te fè nan lane 1999 e ki te selebre pou premye fwa nan lane 2000.

Nan okazyon Jounen entènasyonal sa, UNESCO renouvle angajman li anvè divèsite lengwistik ak kiltirèl, li envite peyi manm li yo selebre jou sa a nan plizyè lang posib pou montre enpòtans divèsite lengwistik ak miltilengwens genyen nan devlopman dirab.

Nan kad, Jounen entènasyonal lang manman pou lane 2024 la, minis Edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, raple obligasyon pou konstwi yon baz solid atravè lekòl yo pou jenès ayisyèn nan sou plizyè baz aprè 220 lane endepandans. « Jodi a, Kreyòl se yon matyè obligatwa soti nan preskolè pou rive nan egzamen bakaloreya », se sa minis Edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat fè konnen. Li kontinye pou l di ke « Elèv yo ap aprann lang lòt rejyon yo pi vit, ak tout lòt matyè ki nan kourikoulòm 2024 la ».

Yon lòt eleman kle nan devlopman, konsène lang manman. Lang Kreyòl la ki se lang manman pèp ayisyen an, se kounya yon matyè obligatwa depi klas matènèl rive nan egzamen bakaloreya. Mezi sa a reprezante yon etap enpòtan nan pwomosyon lang kiltirèl nou men tou ap pèmèt elèv yo devlope pwòp idantite lengwistik yo.

Anplis, nan jefò pou pi byen prepare etidyan ayisyen yo pou reyalite mondyal la, pwogram nan entegre aprantisaj lang rejyonal yo, epi li entegre tout lòt matyè nan kourikoulòm 2024 la. Se yon apwòch fòmasyon miltidimansyonèl ki vize pou devlope kapasite elèv yo pou kominike nan plizyè lang pandan y ap dekouvri richès ak divèsite kilti ayisyèn nan.

Seraphinite AcceleratorOptimized by Seraphinite Accelerator
Turns on site high speed to be attractive for people and search engines.