Bienvenue!

Aji ak bonte : se yon fòs,li pa yon feblès

Nan yon mond kote relasyon ant moun souvan karakterize pa enkonpreyansyon, mefyans, e pafwa menm mechanste, li enpòtan pou nou sonje trete lòt moun ak bonte. Sepandan, gen anpil moun ki chwazi aji yon lòt fason. Yo maltrete moun ki bò kote yo, san yo pa pran an kont prensip moral ki di si ou vle moun trete w byen, ou dwe trete yo byen tou.

Moral, ki se yon konpa enteryè ki gide aksyon ak desizyon nou yo, fè nou sonje chak moun merite yo trete ak diyite. Malerezman, gen moun ki wè bonte kòm yon feblès. Men, sa se yon malantandi. An reyalite, trete lòt moun byen se youn nan pi gwo fòs yon moun ka genyen.

Trete moun byen se gen yon konsyans klè, se konnen, kèlkeswa konpòtman lòt moun, nou te fè sa ki dwat. Se yon demach ki depase malantandi ak diferans, paske li chita sou yon prensip inivèsèl: respè pou limanite. Pa tonbe nan tantasyon pou reponn mal pa mal, se prouve ou pi fò pase advèsite.

Bonte kreye yon anviwònman kote konfyans ka grandi, kote relasyon ant moun yo baze sou respè mityèl. Li pa yon siy feblès, men pito yon endikasyon yon gwo matirite ak yon pwennvi pwofon sou sa sa vle di reyèlman yon moun. Lè ou kiltive atitid sa a, ou pa sèlman pote byen alantou ou, men ou tou bati yon mond ki pi jis ak ki pi amonize.

Li fasil pou maltrete lòt moun, pou rabese yo pou w santi w siperyè. Men, vre fòs la se nan kapasite w pou w aji ak bonte epi pou w trete chak moun ak respè yo merite. Moun ki adopte atitid sa a demontre non sèlman yon gwo fòs enteryè, men tou yon sajès ki pral pèmèt yo travèse lavi ak serenite ak diyite.

Konsa, pwochen fwa ou pral tante pou w reponn yon ofans pa yon lòt, sonje  trete lòt moun byen se pa yon feblès. Se yon demonstrasyon fòs ou, kapasite w pou w chwazi sa ki byen malgre tout bagay, ak angajman w pou w mennen yon lavi ki gide pa yon konsyans klè. Paske an final, se lè w simen grenn bonte ou rekòlte yon mond ki pi bon.

De la même catégorie