Bienvenue!

An Ayiti, se lè w mouri yo sonje w gen valè: yon mantalite ki touye vivan

Nan peyi Ayiti, gen yon pwovèb ki tranble, men ki malerezman dekri yon reyalite sosyal ki fin ranfòse nan lespri kolektif la : “Se lè w mouri yo sonje w gen valè.” Se yon gwo doulè, yon refleksyon kòm yon souflèt sou jan nou wè lavi ak lanmò, sou jan nou trete moun pandan yo vivan.

Pandan w ap viv, w ka soufri an silans, w ka grangou, w ka gen lapenn, w ka mande yon ti kout men men monn nan ap kontinye vire do ba w san yo pa okipe w. Ou inivizib. “Nou pa gen anyen”, “Sa w te fè pou mwen?” oswa yon mepriz silans ki fè w kwè ou pa vo anyen. Men, se lè ou fèmen je w pou toutan, se lè sa a tout bagay chanje. Tout moun vin sonje w. Yo mete bèl foto w, yo ekri powèm, yo fè diskou long ki chaje ak eloj ak respè yo te sere pou dènye adye a.

Yo òganize mach, yo chante, yo voye balon blan anlè syèl la, yo mete rad nwa. Yo fè gwo seremoni. Men, kè a poze yon kesyon ki fè mal: Kote tout lanmou sa a te ye lè m te vivan? Kote yo te ye lè m te rele anndan m, lè m t ap chèche yon bra pou m poze tèt mwen, lè m te bezwen yon mo dou?

Li kòm si valè yon moun an Ayiti gen yon pri: lanmò li. Vivan, li ka pote anpil lide, gen anpil talan, gen yon bon kè men li pa janm vo ase. Li ap bat dlo pou fè bè, yo di li pa travay di. Li ap eseye kanpe, yo kòmanse pale mal li. Li tonbe, yo ri li. Men, dèske li mouri, istwa a reekri. Move zak yo bliye, bèl kalite yo ekszajere. Li vin tounen yon legand, yon ewo, yon sen yon tit li pa t ka jwenn nan vivan l

Fènomèn sa a pa ka kontinye. Li pa dwe nòmal pou n atann lanmò yon moun pou n di l nou te renmen l. Nou dwe kraze sik lanmou pòv yo montre apre lanmò. Valè yon moun pa dwe parèt sèlman sou yon foto nan yon kad. Li dwe rekonèt, selebre, pandan li ka sèvi ak li, pandan li ka santi l.

Nou dwe aprann bay moun lanmou, sipò, rekonpans, ak respè kounye a, pa pita. Pa tann pou se bèl flè nou pote sou tonb yon zanmi pou di l nou renmen l. Di l sa jodi a. Pa tann yon manman mouri pou n fè lwanj sou jan li te bon. Di l sa anvan.

Si ou ka fè yon jès pou leve yon lòt vivan jodi a, fè li.
Paske lanmou apre lanmò, se sèlman pou soulaje konsyans nou. Se memwa. Men, lanmou pandan lavi a, se li ki geri blesi, se li ki ba lafòs, se li ki ka chanje yon lavi, epi ki fè yon moun konnen li gen valè jodi a, san kondisyon.

Se pa lè moun mouri pou nou sonje yo te merite flè. Se pandan yo vivan pou nou ofri yo flè a, san yo pa mande l.

De la même catégorie