Bienvenue!

Andirans gason: tabou ki kraze anpil koup

Jodi a, nan sosyete ayisyèn lan, gen anpil bagay nou evite pale sou yo, swa paske yo bay malèz, swa paske yo wè yo kòm “ijans lakay lòt”. Men, verite a rete la: plizyè koup ap konfwonte pwoblèm entim ki mete relasyon yo an danje. Epi, youn nan sa ki pi souvan touse san pale se difikilte nèg yo gen pou satisfè madanm oswa menaj yo nan kabann.

Nou viv nan yon tan kote libido nèg ka disparèt san avètisman. Gen nèg ki jèn, ki sanble an sante, men ki pa kenbe andirans ankò. Tankou ou ta di yo “kouri vit san souf”. Sa lakoz? Fanm yo santi yo fristre. Yo santi yo inyore. Yo kòmanse panse si se pa yo ki gen pwoblèm, e pafwa sa mennen yo al chèche satisfaksyon lòt kote. Rezilta a? Tronpri. Fristrasyon. Divòs. Fwaye ki kraze.

Men, nan silans, anpil fanm ap chèche solisyon. Pa egzanp, gen madanm ki konn prepare bon ti ji grenadya, fè bouyon pistach ak vyann kabrit, mete fèy loraj pou ren, oswa mete pwa nwa ak lanmidon nan asyèt mari yo. Tout sa pou yo ede gason yo “kanpe sou misyon an”.

Gen lòt fanm, pi pratik, ki achte Toro ak Maggi, Leo Messi, Sòs Pwa , menm “Ti Kleren Gason” ak lòt konbinezon tradisyonèl ou modèn yo. Yo pa di anyen, yo pa pale fò, men yo konnen sa yo vle: yon gason ki ka satisfè yo, ki gen andirans, ki kenbe direksyon l pandan jwèt la.

Men sa poze yon kesyon: eske sa pa twòp pou mande? Eske fanm yo alèz pou al achte bagay sa yo? Eske li pa ta pi bon si yo pale ouvètman ak patnè yo sou sa yo santi?

Laverite se, relasyon seksyèl solid se pa jwèt. Li se yon pati esansyèl nan sante yon koup. Se pa jèfò pou n sal men nou, se kesyon kominote, konfyans, ak kouraj pou fè fas ak verite a. Se pou sa nou dwe kraze tabou sa yo, pale sou yo, ede youn lòt san wont.

Alò ou menm madanm, ou ta alèz achte Toro pou mari w? Si non, ou toujou gen dwa chita, pale ak li, epi chèche solisyon ansanm.

Seks se pa peche. Men se tabou. E se lè nou pale sou li, nou ka sove lanmou, sove fwaye, e mete plis chalè kote li te kòmanse vin frèt.

E ou menm? Ou panse li nòmal pou fanm achte stimilan seksyèl pou mari yo? Ou panse se gason ki pou jere sa? Ou panse sa montre lanmou, oswa sa montre feblès?

De la même catégorie