Bienvenue!

Anpil jèn gason parèt jennen pandan y ap achte kotèks pou madanm osinon mennaj yo

Nan sosyete nou isit, relasyon fi ak gason ki rete pami youn nan gwo sijè tabou, gen anpil ti detay ki fè anpil gwo eskandal e ki menm parèt banal si yon moun oze. Nan sijè tabou nou pou jodi a, n ap abòde ansanm sa ki deranje pou yon gason al achte kotèks (sèvyèt ijyenik pou madanm oubyen mennaj li?

« Mwen te deside fè sa yon jou malgre m te santi m jennen koz m konnen anpil moun ki wè m ka twouve sa banal. Mwen te ale nan yon makèt epi m fè acha yon kantite pou mennaj mwen. Pandan m ap pran yo, yon patnè k ap pase wè m epi l tonbe ri. Mwen ri pou voye wont ale malgre m jennen. E lè m te rive sou kès la tou, moun yo t ap gade m menm jan ak kesyè a ki gade m li souri anba anba », se sa yon jèn gason 25 lane rakonte ki di l te twouve se pi bèl jès pou li pou jan mennaj li te kontan jou sa.

« Mwen m twouve sa pa banal e se yon jès ki montre m vrèman alèz nan relasyon m ye a. M pa gen konplèks sou anyen, m santi m se yon mari responsab san m poko marye », fè konprann jèn gason sa.

Gen anpil lòt jès tou anpil moun ka wè ki jenan e sosyete a ka jije w sou li lè w nan yon relasyon, tankou achte kilòt ak soutyen, lave kilòt madanm ou e menm fè mache pou li elatriye. Ou menm k ap li, kisa w ka di sou jès sa si yon gason fè l pou mennaj li oubyen madanm li?

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

De la même catégorie