Bienvenue!

Anpil moun ap sibi zak vyolans sou plizyè fòm nan fwaye yo, poukisa yo pa toujou renmen pale sou sa ?

Vyolans nan relasyon se yon aksyon ki repete anpil nan sosyete a, li fèt sou plizyè fòm tankou, vyolans fizik, vyolans vèbal e menm vyolans seksyèl (vyòl) . Ou sezi ? Wi plizyè moun k ap viv ansanm viktim zak vyolans anba men patenè yo a.

Anpil moun konprann, marye ak yon moun vle di yo ansanm pou tout tan menmsi gen bagay k ap mal mache, nou jwenn sa souvan nan mitan moun legliz yo. Anpil pastè konn egzije yon fi oswa yon gason rete nan yon relasyon kote y ap sibi tout fòm vyolans chak jou.

Yo anpil, fanm tankou gason k ap sibi vyòl nan relasyon yo men ki pa renmen pale sou sa, oubyen yo pa rann yo kont si aksyon an se vyòl. Lè w fòse moun ou avè l la kouche ak ou san l pa vle, lè w deside pran pou kò w san konsantman lòt la, lè yo mande w kanpe epi ou fenk kare pouse, lè yo di w non ou menm ou di wi, tout aksyon sa yo se vyòl.

Li lè, pou tout moun nan sosyete a konnen zak malonèt sa yo egziste e aprann respekte desizyon yon moun ki gen kouraj denonse yon zak vyolans li sibi nan men yon patenè li kit sou plan fizik , vèbal e menm seksyèl.

Li pa fasil pou viktim yo denonse oubyen pale sou zak yo sibi pou plizyè rezon. Anpil nan yo pa vle sal imaj moun yo nan relasyon ak yo a, gen lòt se kwayans, genyen tou se pou yo pa tonbe anba sanksyon pastè legliz yo, kidonk y ap pwoteje imaj pa yo ak imaj patenè yo pandan y ap soufri nan kò yo. Li lè li tan pou viktim yo sispann kache peche bouwo yo pou pran kouraj yo pou denonse, oswa pote plent kont yo. Vyolans nan relasyon sou tout fòm ka koze gwo dega fòk nou kwape fache ak yo, fòk nou denonse yo.

De la même catégorie